Dèyè do 200 milyon goud sa yo, kilès ki ap pwofite li tout bon vre ?

Leta ayisyen fèk anonse li sispann pran taks sou pano solè ak batri. Sou papye, desizyon sa a sanble yon bèl kado : yon mabo anyèl 200 milyon goud nan kès leta pou rann enèji renouvlab pi fasil pou popilasyon an ak antrepriz yo. Men, lè nou fouye pi fon, nou rann nou kont desizyon sa a se yon bèl kouvèti pou kache yon veritab koudeta kont enterè pèp la, yon pwogram ki taye sou mezi pou pwofite yon ti klan ak zanmi pouvwa a, pandan yo ap abandone rezo elektrik nasyonal la.

Pandan nou ap pale de exonerasyon sou pano solè, kote pwojè pou repare ak modènize santral elektrik peyi a pase ? Repons lan klè : yo mete yo sou kote. Pi gwo kriz enèji peyi a ap travèse jodi a pa soti nan mank pano solè, li soti nan mank volonte politik pou mete limyè nan kay chak malere ak malerèz ki pa ka peye gwo sistèm enèji altènatif sa yo.

Sa ki pi grav la, leta chwazi abandone pi gwo fyète enèji nou, tankou Santral Idwoelektrik Péligre, nan men nèg ak zam. Santral Péligre, ki te konn klere depi Latibonit rive Potoprens, tounen yon zòn nwa kote se bandi ki ap dikte lalwa. Olye pou otorite yo deplwaye fòs sekirite yo pou reprann kontwòl santral sa a ak lòt rezo distribisyon yo, yo prefere kwaze bra yo.

Lè yon Leta abandone enfrastrikti estratejik li yo nan men kriminèl, se bay li bay vag sou devlopman peyi a.

Dèyè bèl diskou sou « tranzisyon enèjetik » la, gen yon reyalite ki pi fènwa. Pano solè ak gwo batri sa yo, se pa malere nan bòn oswa nan katye popilè yo ki pral ka achte yo, menm san taks. Desizyon sa a ap pwofite prensipalman machann enpòtatè ki pwòch gwo chèf yo, ak yon ti elit ki deja gen gwo mwayen. Yo kreye yon mache pou pwòch yo fè lajan, pandan mas pèp la kondane pou li rete nan fènwa, anba chay black-out ak dèlko ki ap souse ti rès san yo.

Anpeche leta antre 200 milyon goud sou pretèks solè, pandan ou kite bandi ap detwi ak kontwole Péligre, se yon trayizon ekonomik ak sosyal. Vrè ijans la se pa te kreye avantaj pou yon ti gwoup parèy; se te reprann kontwòl santral elektrik nou yo, sekirize yo, epi fòse enstitisyon piblik yo bay popilasyon an kouran anba yon pri ki rezonab. Yon fwa ankò, se enterè ti klan ki pase anvan enterè Nasyon an.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Chif mizerab, kontra likratif : Lè trajedi pèp la tounen biznis pou Leta ak kominote entènasyonal la

Chif yo tonbe ankò, tankou yon rityèl byen òdone kote se sèlman kantite viktim yo …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager