Mondyal 2026: Lafrans, Ajantin ak Nòvèj frape fò pou premye soti yo nan mondyal la.

Mondial 2026 la kontinye ap bay gwo tonton emosyon ak kè kontan pou tout fanatik boul sou tè a. Jounen yè a (16 jen 2026) te chaje ak gòl, katon, epi gwo konba estratejik sou teren yo nan peyi Etazini. Men rasanbleman konplè sou twa gwo afich ki te kenbe tout moun nan kou.

Frans fè Senegal sede: Mbappé ak Mesye li yo Klere nan New Jersey
Ekip Lafrans lan pa te nan jwe ak lyon Teranga yo. Ble yo jwenn yon viktwa enpòtan (3-1) nan yon match ki te rale anpil gwo souf, kote zetwal Kylian Mbappé te kondui atak yo pou kraze defans senegalè a.

Estad kote match la te jwe: New York New Jersey Stadium (MetLife Stadium), ki sitye nan vil East Rutherford, New Jersey.
Abit prensipal: Alireza Faghani (yon arbitre ki gen nasyonalite Ostralyen).

Sanksyon (Katon jòn ak wouj): Abit Faghani te kenbe match la byen sere, pa te gen okenn katon penalite (jòn oubyen wouj) ki te distribiye bay jwè yo pandan tout peryòd match sa a dapre rapò ofisyèl la.

Kantite patisipasyon nan Mondial:
Frans: Sa fè 17yèm fwa yo ap patisipe nan yon faz final Mondyal.
Senegal: Sa fè 4yèm fwa yo rive nan gwo randevou sa a.

Ajantin Sakaje Algèri: Lionel Messi Mete Yon Hat-Trick Istorik
Nan vil Kansas City, chanpyon an tit la, Ajantin, pa te fè okenn kado nan premye match yo nan Gwoup J. Lionel Messi, malgre ti dout ki te gen sou fòm li, bay yon pèfòmans ekstraòdinè kote li make yon 3 gòl pou bay peyi li yon gwo viktwa (3-0) sou ekip fennecs yo nan yon anbyans total kapital.

Estad kote match la te jwe: Kansas City Stadium (Arrowhead Stadium), nan Missouri.
Abit prensipal: Szymon Marciniak (Polonè), menm abit ki te dirije gwo final 2022 a.

Sanksyon (Katon jòn ak wouj): Malgre match la te gen kèk aksyon cho ak kontak fizik gwo nivo, abit Marciniak te sèlman bay Lionel Messi yon katon jòn pou yon tackle ki te yon ti jan rèd. Pa te gen lòt katon ki te bay.

Kantite patisipasyon nan Mondial: Ajantin: Sa a se 19yèm patisipasyon yo nan istwa Koup Dimond.
Aljeri: Sa se 5yèm fwa ekip sa a rive nan yon faz final.

Nòvèj Pilonnen Irak: Erling Haaland ak Mesye li yo San Pitye.
Nan yon match nan Gwoup I kote Nòvèj te domine depi nan kòmansman rive nan lafen, yo korije ekip Irak la (4-1). Erling Haaland te fè pale de li ankò ak de premye gòl yo anvan defans Irak la te fini pa fè yon gòl kont pwòp kan li pou agrave eskò a.

Estad kote match la te jwe: Boston Stadium (Gillette Stadium), ki nan vil Foxborough, Massachusetts.
Abit prensipal: Pierre Ghislain Atcho (abit entènasyonal ki soti nan peyi Gabon).

Sanksyon (Katon jòn ak wouj): Abit Atcho te bay yon sèl katon jòn nan match sa a. Se jwè irakyen Zaid Tahseen ki te pran katon jòn sa a nan 86yèm minit apre yon move fot.

Kantite patisipasyon nan Mondial:
Nòvèj: Sa fè 4yèm fwa yo patisipe nan yon Koup Dimond.
Irak: Sa se sèlman 2yèm fwa nan istwa yo yo rive jwe faz final yon Mondial.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: Laswèd kòmanse Koup dimond la ak yon gwo Karaf

Ekip nasyonal Laswèd la kraze ekip Tinizi a (5-1) nan premye match yo pou gwoup …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager