Yon paj istwa ap vire pou seleksyon nasyonal Ayiti a. Gadyen lejand li an, Johny Placide, fè konnen ofisyèlman li ap mete gan li sou kote pou sa ki konsène grenadye yo. Dènye match li anba koulè ble ak wouj yo ap fèt mèkredii 24 jen sa a kont peyi Mawòk, nan kad dènye match poul grenadye yo nan koupe dimond FIFA 2026 la.
Apre gwo defèt seleksyon an te pran devan Brezil (3-0) vandredi 19 jen pase a, jounalis yo te pwofite mande kaptenn nan si l ap prezan pou Gold Cup ki ap vini an an 2027 la. Repons Placide la te klè kou dlo kòk, san okenn dout:
« Mwen menm, mwen pap nan Gold Cup la. Gen yon match ki rete ankò [nan Koupe dimond sa a] epi apre sa, se fini. »
Desizyon sa a mete fen nan yon bèl istwa damou ki dire preske 15 lane ant gadyen an ak pèp ayisyen an. Premye fwa Placide te mete mayo seleksyon an kòm titilè, se te nan mwa novanm 2011, nan yon match eliminatwa pou Mondyal kont peyi Antigua-et-Barbuda.
Depi dat sa a, li vin tounen lidè anndan kou deyò teren an. Men kèk chif ki makonnen ak pakou li:
84 match : Se kantite rankont li jwe pou peyi a.
Jwè ki pi kapte : Li kite seleksyon an kòm jwè ki pi aktif epi ki jwe plis match nan istwa resan grenadye yo.
Menmsi rezilta yo nan Mondyal sa a pa te sa pèp ayisyen an te espere a, prezans Ayiti nan gwo randevou sa a e sitou lidèchip Johny Placide ap rete grave nan memwa tout fanatik foutbòl. Rankont kont Mawòk la pap senpleman yon match pou onè, men li ap yon okazyon espesyal pou tout yon nasyon di gwo kaptenn sa a : Mèsi pou tout bagay, Johny !
Echojounal echojounal.net