Seleksyon Ejip la ekri yon bèl paj istwa nan Koup dimond 2026 la apre li fin elimine Ostrali nan faz 16èm de final yo. Farawon yo genyen tikè yo pou pwochen tou a nan bout sispans, apre yon seyans tir o bi (4-2) kote jwè yo pa te tranble menm yon sèl fwa.
Match la te kòmanse byen fò pou Ostralyen yo ki te manke ouvri eskò a depi nan 4èm minit, lè Cristian Volpato te voye yon gwo kout boul ki al frape sou travès la. Men, se Ejip ki ta pral frape an premye. Nan 13èm minit, apre yon aksyon sou yon kout pye arete, Karim Hafez voye yon bèl sant pou Emam Ashour ki mete yon kout tèt toupisan pou touye gadyen Patrick Beach. Depi lè sa a, Ejip pran kontwòl premye mitan an e yo te menm manke fè dezyèm gòl la.
Lè dezyèm mitan an kòmanse, « Socceroos » yo (Ostrali) tounen ak plis kouray e yo te kòmanse fè boul la sikile pi byen. Nan 55èm minit, sou yon kou fran Kai Trewin te byen vize, malere Mohamed Hany, defansè Ejip la, eseye paré boul la men li voye l nan pwòp kan li. Sa te pèmèt Ostrali egalize (1-1).
Nan fen tan reglemantè a, Ejip te ka genyen match la men gadyen Ostrali a, Patrick Beach, te fè yon arè mirak sou yon kout tèt Rami Rabia.
Pandan 30 minit pwolonjasyon yo, tou de ekip yo te fatige e okenn pa t jwenn chemen siksè. Chofè ekip Ostrali a, Tony Popovic, te eseye fè yon kou de pokè nan dènye minit yo: li chanje gadyen, li fè Mathew Ryan antre nan plas Beach pou seyans tir o bi a.
Men, estrateji sa a pa te mache. Kapiten Ostrali a, Harry Souttar, ak jenn jwè Lucas Herrington (18 lanne) te manke tir pa yo. Bò kote Ejip, kat tirè yo (Mahmoud Saber, Ramy Rabia, Mohamed Salah ak Hossam Abdelmaguid) te make san pwoblèm, ak Mohamed Salah ki te menm fè yon bèl « Panenka » ki te kite tout moun bouch ouvè.
Se premye fwa nan istwa yo depi 1934 kote Ejip rive pase yon tou nan yon faz eliminasyon dirèk nan yon Koup dimond. Kounye a, Farawon yo pral a fwonte nan 8èm de final yo ant Ajantin. Anba lidèchip gwo zetwal yo Mohamed Salah, rèv la ap kontinye pou pèp ejipsyen an!
Echojounal echojounal.net