Deklarasyon ansyen prezidan Sena a, Simon Dieuseul Desras, riske mete plis dife nan yon dosye ki te deja cho anpil: fason leta ap jere lajan piblik la nan mitan kriz sekirite peyi a ap travèse a. Pandan li te ap pale nan emisyon « Mega Booster » jounen vandredi 10 jiyè 2026 la, sou radyo Mega 103.7 FM avèk jounalis Romanes Samedi, ansyen senatè depatman Sant lan lage kèk akizasyon grav anpil ki fè konprann gen moun nan gwo nivo ki gen enterè pou kriz la pa janm fini.
Dapre ansyen palmantè a, dèyè bèl diskou otorite yo ap fè sou koze goumen ak gang ak koze remete sekirite, gen yon gwo rezo kote gwo sòm lajan ap dekebe nan kès leta, san pèsonn pa konnen toutbon ki kote lajan sa yo pase ni ki moun ki benefisye yo.
« Gen moun ki vle kriz la fini tout bon vre. Men, gen anpil lòt ki pito sitiyasyon an rete jan l ye a, menm si pwòp lavi yo an danje, paske sa pèmèt yo jwenn misyon », se sa Simon Dieuseul Desras deklare ak fòs.
Pou sipòte akizasyon l yo, ansyen prezidan gran kò a bay kèk chif byen presi sou kantite lajan Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) ta ap debloke chak mwa pou jere sekirite nan plizyè zòn nan peyi a:
75 milyon goud chak mwa pou kriz k ap devaste zòn Kenskòf.
567 milyon goud chak mwa pou operasyon ki gen rapò ak sekirite nan Plato Santral.
Anviwon 580 milyon goud chak mwa pou jere pwoblèm sekirite ak gang nan depatman Artibonit.
Si nou fè kalkil la, sa bay plis pase 1.2 milya goud ki ap soti chak mwa nan kès leta pou sèlman twa zòn sa yo.
Deklarasyon sa yo rive nan yon moman kote sitiyasyon sekirite a ap vin pi mal chak jou, sitou nan zòn Latibonit ak Kenskòf kote popilasyon an anba grif gang ame yo. Anpil moun nan sosyete sivil la kòmanse mande kouman fè tout lajan sa yo ap debloke epi sou tèren an, pa gen anyen ki chanje.
Pou anpil obsèvatè, akizasyon Desras yo ranfòse lide ki di gen yon « endistri kriz la » an Ayiti, kote ensekirite a tounen yon biznis pou yon klas moun ki nan gouvènman an oswa ki pre pouvwa a.
Ni Ministè Finans, ni gouvènman an poko reyaji sou gwo chif ansyen senatè a lage sou do yo a. Dosye sa a riske ogmante presyon sou do enstitisyon ki ap goumen kont koripsyon nan peyi a (tankou ULCC ak UCREF) pou yo mande limyè sou fason lajan sekirite a ap depanse.
Echojounal echojounal.net