Ayiti/Pwotestasyon : Anplwaye CAN yo pete yon gwo kòlè devan lokal enstitisyon an pou reklame anpil mwa salè ki pa janm peye

Sitiyasyon an te tansyon anpil jounen vandredi 10 jiyè 2026 la devan lokal Sant Anbilansye Nasyonal la (CAN). Plizyè anplwaye enstitisyon an te deside pran lari pou manifeste kòlè yo kont move kondisyon travay yo ap sibi ak plizyè mwa salè Leta dwe yo ki pa janm vèse.

Pou fè tande rèl yo, manifestan yo pa te kache fristrasyon yo : yo boule kawotchou devan pòtay enstitisyon an, sa ki te bloke sikilasyon an pandan yon bon bout tan. Selon deklarasyon pwotèstatè yo, pwoblèm nan chita prensipalman sou kontra travay yo ki pa janm finalize, sa ki anpeche yo touche lajan yo regilyèman jan sa dwe fèt.

Sitiyasyon ekonomik travayè sa yo vin kritik nèt. Gen ladan yo ki fè konnen yo gen plis pase dis (10) mwa depi yo ap travay san yo pa touche yon goud. Yon reyalite ki rann lavi fanmi yo difisil anpil nan mitan kriz ekonomik jeneral peyi a ap travèse a.

Pandan yo ap denonse deperisman zouti ak kondisyon travay yo tou, anplwaye yo voye yon avètisman klè bay otorite konsène yo. Yo menase pou yo lanse yon grèv total si responsab yo pa pran mezi rapid pou regle kaye revandikasyon yo a epi peye yo sa Leta dwe yo. Si grèv sa a rive fèt, sa kab vin pi grav kriz sanitè a, paske sèvis ijans CAN an jwe yon wòl enpòtan nan sekou popilasyon an.

Pou kounye a, direksyon Sant Ambilansye Nasyonal la ak Ministè Sante Piblik poko pote okenn repons ofisyèl parapò ak revandikasyon ak kòlè anplwaye yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Les signataires du Pacte national se mobilisent pour une Assise nationale sur la transition

Dans l’optique de baliser la fin de la période transitoire et de poser les jalons …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager