Moun yo pa idantifye touye ak bal yon ajan Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) ki fè pati 33yèm pwomosyon kò CIMO, byen bonè nan maten samdi 11 jiyè 2026 la. Ekzekisyon sa a fèt nan zòn Ismeri (Izmery), toupre Club Tassy, nan komin Delmas.
Daprè premye temwayaj ki ranmase sou plas, yo ta nan maten. Temwen yo rapòte yo tande plis pase 15 kout zam ki sible polisye a dirèkteman.
Pou kounye a, idantite viktim nan poko revele ofisyèlman epi sikonstans egzak dram sa a poko fin klè. Lapolis poko bay okenn detay sou otè krim sa a ki vin lonje lis polisye ki tonbe anba bal anndan peyi a.
Echojounal echojounal.net