Ayiti/Eleksyon: KEP a pibliye kalandriye li, tout je fikse sou sekirite a.

Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) rann piblik, lendi 27 jiyè 2026 la, kalandriye pou pwochen eleksyon yo nan peyi a. Dapre sa KEP a anonse nan yon kominike, premye tou an ap fèt 13 desanm 2026 epi dezyèm tou an fikse pou 21 fevriye 2027.

Nan kominike sa a, enstitisyon elektoral la fè yon rapèl enpòtan: òganizasyon eleksyon yo se yon responsablite ki pataje. KEP a rekonèt li gen obligasyon pa l pou l monte ak jere pwosesis vòt la, men li rapouswiv pou l di pouvwa egzekitif la ak lòt partnè yo gen pwòp chay pa yo pou yo pote.

Jodi a, tout moun wè kote boul la ye: li nan kan Premye Minis defakto a. Se gouvènman an ki dwe pran tout dispozisyon pou garanti sekirite ki nesesè pou pèmèt sitwayen yo ale vote san laperèz epi pèmèt eleksyon yo fèt nan yon anbyans lapè.

Presyon an monte pi rèd sou tèt chèf gouvènman an. Yo klè sou sa: si eleksyon yo pa rive fèt nan dat 13 desanm nan poutèt mank sekirite, Premye Minis la ap oblije kite pouvwa a.

Depi koulye a, kontabwa a lanse pou egzekitif la ki gen yon gwo defi devan l si l vle kenbe tèt gouvènman an epi mennen peyi a nan yon tranzisyon demokratik.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Colombie : Le président élu Abelardo de la Espriella annonce la fermeture d’au moins 14 ambassades ‎

À deux semaines de sa prise de fonction fixée au 7 août 2026, le président …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager