Rezo Ayisyen Jounalis Anti-Kòripsyon (RHAJAC) pibliye yon nòt denonsyasyon piman bouk kont Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé. Nan dokiman sa a ki pote siyati Sekretè Jeneral la, Djovany Michel, òganizasyon an akize chèf gouvènman an kòm moun ki ap kòdone ak kowalisyon kriminèl « Viv Ansanm » lan pou li ka kenbe pouvwa a pandan peyi a ap plonje nan san.
Aprè prèske 1 an ak 10 mwa depi li pran tèt primati a nan dat 11 novanm 2024, RHAJAC konstate yon echèk total sou plan sekirite ak sou òganizasyon eleksyon yo. Dapre rezo a, malgre plizyè milyon dola ameriken ki depanse nan operasyon sekirite yo, okenn gwo chèf gang pa arete li ni pa mouri nan afwontman ak fòs lòd yo.
Daprè RHAJAC, gen yon taktik politik ki ap fèt kote Absans sekirite a ap sèvi kòm pretèks pou repòte eleksyon yo, epi anpeche yon lòt gouvènman eli pran plas li. Taktik sa a pèmèt M. Fils-Aimé rete nan tèt peyi a san okenn kont-pouvwa.
Anplis de sa, nòt la solisitite yon ankèt endepandan sou rapò Premye Minis la ta genyen ak chèf gang yo, ki ta ka remonté depi nan epòk li te ap fè komès angiy anvan li te rive sou pouvwa a. RHAJAC mande tou pou gen yon odit sou tout fon piblik la ak kontra ki te siyen sou administrasyon l lan pou operasyon sekirite yo.
Fas ak sitiyasyon sa a kote popilasyon an nan zòn tankou Kafou, Kwadèboukè, Site Solèy ak Ba-Dèlma ap sibi reprezay ak masak san yo pa ka menm manifeste, RHAJAC mande Konsèy Minis la pou li aji.
Rezo a ensiste pou Kònsey Minis la apiye sou dekrè 7 fevriye 2026 la ki baze sou artik 149 Konstitisyon 1987 la emande pou yo ranplase Alix Didier Fils-Aimé ak yon lòt manm nan konsèy la. Moun sa a ta ap gen yon manda ki byen fiks ak kout pou òganize eleksyon yo rapidman epi anpeche ensekirite a sèvi kòm yon eskiz pou yon prodiksyon pouvwa san limit.
Echojounal echojounal.net