Pastè Amel Lafleur, dirijan Église de Dieu Indépendante de la Porte Étroite, mouri vandredi 13 novanm 2026 la nan peyi Kanada.
Jiskaprezan, sikonstans ki antoure lanmò li poko konnen. Ni fanmi defen an, ni responsab legliz li te ap dirije a poko bay okenn detay ofisyèl sou rezon ki lakòz li pèdi lavi li.
Pastè Amel Lafleur se te yon figi ki te byen koni nan milye pwotestan an nan peyi Dayiti, patikilyèman pou fason li te ap dirije asanble li a ak pozisyon li te konn pran nan zafè relijye ak sosyal.
Nou rete an atant plis enfòmasyon ofisyèl sou dat ak jan fineray la ap òganize.
Echojounal echojounal.net