Kominote etidyan Fakilte Medsin ak Famasi ansanm ak Lekòl Biyoloji Medikal ak Optometri nan Inivèsite leta peyi Dayiti (FMP/EBMO-UEH) anonse yon mach pasifik pou jodi lendi 22 jen an, nan kapital la.
Rasanbleman an fikse pou 10:00 nan maten devan lokal Rektora UEH la, ki chita nan « Ruelle Rivières ». Dapre plan òganizatè yo etabli, manifestan yo ap kite Rektora a pou yo pase nan
1-Ruelle Rivières
2-Avenue John Brown (Lalue)
3-Delmas 60
4-Musseau
Mach la gen pou li bout dwat devan Rezidans Ofisyèl Primati a.
Chofè ak moun ki ap deplase nan zòn sa yo konseye pou yo pran tout dispozisyon nesesè, paske mouvman sa a riske lakòz gwo ralantisman ak deranjman nan sikilasyon an pandan jounen an.
Echojounal echojounal.net