Salvadò : Prezidan Nayib Bukele ofisyalize kandidati li pou yon twazyèm manda, nan yon kontèks kote twoup li yo ap goumen ak gang an Ayiti

Dapre plizyè medya salvadoryen ak sous enfòmasyon entènasyonal, Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, ofisyalize kandidati li jounen jedi 19 novanm nan pou eleksyon prezidansyèl ki fikse pou 28 fevriye 2027. A 45 lane, chèf Leta a pral chèche ranpòte yon twazyèm manda konsekitif nan tèt peyi Amerik Santral la.

Dapre repòtaj laprès lokal yo, Nayib Bukele te prezante tèt li an pèsòn nan syèj Tribinal Siprèm Elektoral la (TSE) nan kapital la, San Salvadò, akonpaye ak anviwon 3 000 patizan, pou depoze dosye li.

Palman salvadoryen an kote pati li a gen gwo majorite te adopte an jiyè 2025. Dapre analiz jiridik yo, refòm sa a te elimine limit kantite manda yon prezidan ka fè epi li te avanse dat eleksyon prezidansyèl yo soti 2029 pou vin nan mwa fevriye 2027. Pandan patizan gouvènman an salye desizyon sa a kòm yon fason pou kontinye travay sekirite ak devlopman ki kòmanse yo, plizyè òganizasyon defans dwa moun ak reprezantan opozisyon an kritike chanjman sa a, yo estime ki febli prensip altènans demokratik la nan peyi a.

Anons politik sa a fèt nan yon moman kote imaj prezidan salvadoryen an ap fè pale anpil sou sèn entènasyonal la. Depi mwa oktòb 2026, yon kontengjan militè salvadoryen deplwaye an Ayiti nan kad yon gwo ofansiv kont gang ame yo.

Selon obsèvatè politik yo, entèvansyon sa a ki vize ekspòte modèl sekirite salvadoryen an lòt bò dlo ranfòse pozisyon Bukele nan opinyon piblik peyi li, kote anpil sitwayen wè li kòm yon lidè ki kapab pote solisyon radikal kont ensekirite.

Dapre sondaj medya salvadoryen yo pibliye, Nayib Bukele gen yon to popilarite ki tou pre 80 %, yon sipò ki soti prensipalman nan bès drastik to kriminalite a nan Salvadò depi aplikasyon eta dijans lan an 2022.

Fas ak popilarite sa a, opozisyon politik la parèt divize epi febli. Pati dwat istorik la, ARENA, prezante yon tikè elektoral 100 % feminen ak Mayteé Iraheta epi Verónica Henríquez, men dapre analiz politik lokal yo, pati sa a toujou ap peye konsekans ansyen eskandal koripsyon ak yon bès nan entansyon vòt yo. Sepandan, kèk vwa kritik nan sosyete sivil salvadoryen an kontinye mande pou plis transparans nan pwosesis elektoral la ak respè dwa fondamantal yo pandan peryòd kanpay la.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Diplomasi: Nayib Bukele ta evite rankontre otorite ayisyèn yo nan Salvadò.

Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Patrick Pélissier, pa te rankontre prezidan salvadoryen an, Nayib …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager