Lapolis arete plizyè endividi nan katye Platon ak sipò popilasyon an

Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) mete men anba kòlèt plizyè endividi ki te vin pran refij nan « Baz Mikanò », yon zòn popilè nan katye Platon, nan komin Jeremi, dapre enfòmasyon korespondan rejyonal nou fè nou jwenn.

​Kè sote devan prezans moun sa yo yo konsidere kòm sispèk, abitan nan katye a leve kanpe pou bay fòs lòd yo jarèt nan operasyon rechèch ak fouy ki te ap kontinye pandan jounen vandredi 20 novanm 2026 la.

​Nou ap siyale katye Platon sa a se zòn kote delege depatmantal Grandans lan, Polémon Michel, gen gwo baz politik li tou.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Diplomasi: Nayib Bukele ta evite rankontre otorite ayisyèn yo nan Salvadò.

Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Patrick Pélissier, pa te rankontre prezidan salvadoryen an, Nayib …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager