Atmosfè a pral chofe nan peyi Kanada pou premye gwo randevou ekip nasyonal la nan Gwoup B a pou Koup dimond 2026 la apre midi 12 jan an. Se pral yon bèl batay ant vitès ak fòs fizik ekip nò-ameriken an kont disiplin ak taktik frèt moun Balkan yo.
Match sa a pral jwe nan Toronto Stadium, ki tounen yon vrè chodyè bouyi pou okazyon an a 3zè, kote yo elaji plas yo pou rive jiska 45 000 moun. Pou dirije de ekip sa yo sou teren an, FIFA chwazi abit entènasyonal Ajantin lan, Facundo Tello, ki gen eksperyans nan jere presyon.
De (2) ekip sa yo pa gen yon long istwa nan faz final Koup di Monn, sa ki fè match sa a pi enpòtan toujou pou yo ka make teritwa yo:
Canada: Sa se 3èm fwa yo ap patisipe nan yon faz final Koup di Monn (apre ane 1986 ak 2022). Kòm yo lakay yo, yo gen gwo presyon pou yo genyen premye match yo nan istwa yo nan konpetisyon sa a.
Bosnie-Herzégovine: Sa se 2èm fwa yo ap mete pye nan gwo randevou sa a, apre premye aparisyon istorik yo nan lane 2014 nan peyi Brezil. Yo te pase nan gwo tès baraj kont peyi Degal ak Itali pou yo te ka genyen tikè yo pou ane 2026 la.
Jwè Pwobab pou Match 12 Jen 2026 la
Gwo nouvèl bò kote Canada se absans kapitèn yo a, Alphonso Davies, ki blese nan kwis epi ki p ap kapab jwe premye match sa a, daprè sa antrenè Jesse Marsch konfime. Nan peyi Bosnie tou, gen dout sou fòm fizik gwo atakan Edin Dzeko, men yo espere li ap la kanmenm.
Men konpozisyon ekip yo ka prezante sou teren an (Sistèm 4-4-2 pou tou de) :
🇨🇦 Canada (4-4-2)
Gadyen: Crépeau
Defansè: Johnston, De Fougerolles, Cornelius, Laryea
Milye Teren: Buchanan, Eustáquio, Koné, Millar
Atakan: Jonathan David, Cyle Larin
🇧🇦 Bosnie-Herzégovine (4-4-2)
Gadyen: Vasilj
Defansè: Dedic, Katic, Muharemovic, Kolasinac
Milye Teren: Bajraktarevic, Tahirovic, Sunjic, Alajbegovic
Atakan: Demirovic, Edin Dzeko
Echojounal echojounal.net