Ayiti/Ensekirite: Lapolis nasyonal nan lakou peyi Dayiti pèdi de (2) fòmatè pou jounen 9 avril 2025 lan.

Pandan jounen mèkredi 9 avril 2025 lan enspektè divizyonè, Rony Jose ak Sulmon Job tonbe anba kout bal bandi sou wout awopò nan lakou Pòtoprens.

Selon enfo ki rive jwenn nou sa rive nan moman bandi yo te ap tante kidnape yon moun e polisye yo ki te nan yon bakòp te al pantan sou yo. Polisye sa yo ki te al mouri lopital se fòmatè nan « Unité départementale de maintien de l’ordre » ki gen pou sig UDMO.

Nou ap fè ou konnen polisye Garry Junior Luma tonbe jounen madi 8 avril 2025 lan nan twoke kout bal ak bandi nan kafou « Péligre » ki chita kò li nan komin Mibalè.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …