Vandredi 24 avril 2026 la, Konsèy Konsiltatif sou Sibvansyon Petwòl sible a te kòmanse distribye kèk kat bay chofè nan depatman Nippes. Si otorite yo ap bat lestomak yo pou 350 benefisye sa yo, anpil vwa kòmanse leve pou kritike yon pwogram ki parèt gen twòp « twou » ladan li epi ki ap mache ak yon vitès tòti.
Daprè sendikalis Sonson Dumé, responsab pwogram nan pou rejyon an, chofè sa yo resevwa ant 15 200 pou rive 30 400 goud. Men, lè nou gade reyalite a nan je, gen plizyè pwen ki fè moun poze kesyon sou efikasite reyèl pwojè sa a.
Premye gwo kritik la se tan li pran pou chofè yo wè koulè kòb sa a. Lis chofè sa yo te fèt depi avril 2023 sou gouvènman defakto ki te gen nan tèt li, Doktè Ariel Henry. Sa fè egzakteman twa zan depi chofè yo te fin anrejistre. Pandan tan sa a, pri gaz la pa sispann monte, enflasyon fin manje pòch malere, epi pyès machin vin tounen lò. Èske yon ti sibvansyon ki ap rive an 2026 ka vrèman repare dega twa ane mizè?
Lè yo anonse 350 benefisye pou tout yon depatman tankou « Nippes« , se tankou yon gout dlo yo jete nan yon chodyè ki ap bouyi. Depatman an gen plizyè milye chofè ki ap fè trajè Miragoâne, « Fond-des-Nègres », ti komin yo ak seksyon riral yo. Chwazi yon ti ponyen moun pandan majorite a ap soufri anba pri gaz la sanble plis ak yon operasyon « makiyaj » olye de yon politik piblik serye pou ede sektè transpò a.
Sonson Dumé anonse yon lòt faz anrejistreman ki ap kòmanse lendi 27 avril 2026 la. Men, eksperyans sot pase yo nan peyi Dayiti montre souvan se « zanmi zanmi » ak moun ki pwòch pouvwa a ki jwenn aksè nan kalite avantaj sa yo. San yon sistèm kontwòl transparan ak yon chif klè sou kantite chofè ki gen nan depatman an, anpil moun pè pou nouvo anrejistreman sa a pa tounen yon zouti politik olye de yon èd ekonomik.
Pandan Leta ap distribye kèk milye goud ki p ap ka menm achte de (2) kawotchou nèf, pwoblèm fondamantal yo rete la:
– Gaz la toujou chè epi li raman disponib nan ponp yo nan bon pri.
– Wout yo nan yon eta krazé brize.
– Sekirite sou wout nasyonal yo ap dekouraje tout moun nan sektè a.
Distribye kat petwòl se yon bon lide sou papye, men fason li ap fèt la montre yon mank vizyon ak yon mank vitès ki grav anpil. Pou chofè « Nippes » yo ak tout rès peyi a, li lè pou Leta sispann bay « ti kout dlo » pou li al chache solisyon ki pi solid pou rale sektè transpò a nan twou li ye a.
Echojounal echojounal.net