Se te yon match ki te gen tout kalite emosyon aswè a nan kad Koup Dimond 2026 la. Seleksyon Pòtigal la rive rache yon viktwa ak anpil sispenn (2-1) nan men ekip Kwasi a, apre yo te fin pase yon bon pati nan dezyèm mi-tan an ap kouri dèyè nòt.
Apre yon premye peryòd ki te fini san gòl kote de ekip yo te ap tate teren, match la te pran yon lòt vitès nan dezyèm mi-tan an. Se ekip Kwat la ki te frape an premye: nan 53yèm minit, veteran an Ivan Perišić te pwofite yon bèl aksyon pou l te louvri eskò a epi bay Kwasi avantaj la (0-1). Sipòtè Pòtigal yo te kòmanse gen tèt chaje devan yon ekip Kwat ki te parèt byen solid.
Men, seleksyon Pòtigal la pa te dekouraje epi yo te kòmanse mete gwo presyon sou defans advès la. Pouse yo ap pouse, jiskaske yo te jwenn yon penalite nan 68yèm minit match la. San gade dèyè, lejand la, Cristiano Ronaldo, pran responsablite li epi li mete boul la nan fon souch la pou li te egalize: (1-1).
Lè tout moun te panse match la ta pral fini sou yon nòt pataje, sispenn nan te pi bèl nan dènye minit yo. Nan tan adisyonèl la, egzakteman nan 90+4’, jèn jwè Gonçalo Ramos parèt tankou yon blesi nan mitan defans Kwasi a pou li te make gòl delivrans lan. Estad la te manke chavire!
Gras ak bèl remonte sa a, Pòtigal asire yon bèl viktwa pou li kontinye wout li nan konpetisyon an, alòske Kwasi ka gen gwo regrè pou jan yo te gen kontwòl match la apre gòl Perišić la.
Echojounal echojounal.net