Mondyal 2026: Ajantin soufri nan men « Requins Bleus » yo men li Pase pou 1/8 Final.

Sa te cho, sa te difisil, e se nan gwo soufrans chanpyon mondyal an tit la, Ajantin, rive rache tikè li pou wityèm de final Mondyal 2026 la aswè a nan Miami Stadium. Fas ak yon ekip Kap Vè epatant e vanyan, Albiceleste a genyen (3-2) apre pwolongasyon nan yon matche ki pral rete nan memwa tout moun.

Match la te kòmanse jan sa te espere, avèk Ajantin ki ap kontwole boul la. Nan 29yèm minit, lejand lan, Lionel Messi, te ouvè eskò a pou Ajantin pou mete anbyans nan estad la. Men, sa pa te kraze moral « Requins Bleus »Kap Vè yo. Nan dezyèm mi-tan an, egzakteman nan 59yèm minit, Deroy Duarte te pwofite yon fay nan defans la pou l egalize pou Afriken yo (1-1). Depi lè sa a, se yon lòt match ki kòmanse.

Piske tan reglemantè a fini sou eskò parite sa a (1-1), de ekip yo te oblije al jwe pwolongasyon. Depi nan kòmansman premye ti tan pwolongasyon an (92yèm minit), Lisandro Martínez te bay Ajantin avantaj la (2-1). Men, Kap Vè, ki te deside pa lage fas ak gwo tonton ekip sa a, te double fòs yo. Nan 103yèm minit, Sidny Lopes Cabral te make yon bèl gòl ki te fè tout estad la rete bouch ouvri (2-2).

Ajantin te wè l lwen, men chans te deside souke kò l pou li. Nan 111yèm minit, nan mitan dezyèm ti tan pwolongasyon an, sou yon aksyon presyon, malere Diney Borges, defansè Kap Vè, make yon gòl kont pwòp kan li. Se te gòl delivrans lan ki bay Ajantin viktwa (3-2)a.

Si Ajantin ap fete kalifikasyon li, istwa majik aswè a se pou ekip Kap Vè a. Pou premye patisipasyon yo nan yon Mondyal, yo rive fè yon gwo eksplwa.

Yon reyalite istorik pou nou sonje: Ekip Kap Vè a kite konpetisyon Mondyal 2026 la san yo pa janm pèdi yon sèl match nan 90 minit tan reglemantè. Apre yo te fin fè 3 match nil nan faz poul la (kote yo te elimine gwo tonton ekip tankou Irigwe), yo fè match nil (1-1) ankò aswè a ak chanpyon mondyal an tit la anvan yo te tonbe nan pwolongasyon.

Reken Ble yo ka soti tèt yo byen wo. Yo pwouve tout planèt la ke pa gen ti ekip ankò nan foutbòl modern lan. Pou Ajantin, se yon gwo avètisman pou rès konpetisyon an: chemen pou kenbe tit la ap long e li ap chaje ak pikan.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: Laswis elimine Aljeri ak de kout kouto byen file

Seleksyon nasyonal Laswis la reyalize yon gwo operasyon nan kad Koup Dimond 2026 la lè …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager