Gwo fèt foutbòl la ap kontinye nan tounwa Mondyal 2026 la. Jodi samdi 13 jen 2026 la, ekip Kata ak Laswis ap antre nan konpetisyon an. De (2) ekip sa yo nan Gwoup B e yo pral kwaze lefe nan yon match ki pwomèt anpil tansyon ak bèl jwèt, kote chak ap chache pran 3 pwen yo pou yo ka byen poze baz yo.
Rankont sa a pral dewoule nan estad San Francisco Bay Area Stadium ki sitiye nan vil Santa Clara nan eta Kalifòni. Estad sa gen kapasite pou pran plis pase 68,000 moun.
Pou asire jistis sou teren an, se abit entènasyonal Saíd Martínez ki soti nan peyi Ondiras ki pral dirije gwo koze sa a. Se yon abit ki gen anpil eksperyans nan gwo nivo e desizyon li yo pral gen gwo pwa nan rannman match la.
Istorik tou de Ekip yo nan Mondyal
Eksperyans de seleksyon sa yo nan nivo Koup Dimond vrèman diferan:
Laswis: Sa a se 13yèm fwa peyi Laswis ap patisipe nan yon faz final Koup Dimond nan listwa l. Pi bon rezilta yo se te rive nan etap kat de final (an 1934, 1938 ak 1954). Yo se yon abitye nan konpetisyon an paske se 6yèm fwa afile yo ap prezan.
Kata: Pou bò pa yo, se sèlman 2yèm fwa yo ap goute nan plezi yon Mondyal. Premye fwa a se te an 2022 lè yo te resevwa konpetisyon an lakay yo. Soti nan Lopetegui, ekip la ap chache efase move souvni 2022 a kote yo te soti depi nan premye tou san yo pa te pran okenn pwen.
Konpozisyon Pwobab Ekip yo
Antrenè yo te travay di sou taktik yo pou yo ka mete pi bon 11 posib la pou kòmanse batay la. Men kòman ekip yo ka prezante sou teren an:
🇶🇦 Katar (Antrenè: Julen Lopetegui)
Katar ap vini ak yon sistèm ki baze sou solidite defansiv ak kont-atake rapid kote y ap konte anpil sou zetwal yo Akram Afif.
Gadyen: Meshaal Barsham
Defansè: Pedro Miguel, Boualem Khoukhi, Lucas Mendes, Homam Ahmed
Mitan Teren: Abdelaziz Hatem, Ahmed Fatehi, Hassan Al-Haydos
Atakan: Akram Afif, Almoez Ali, Yusuf Abdurisag
🇨🇭 Laswis (Antrenè: Murat Yakin)
Ekip Laswis la gen yon eskwad ki gen anpil eksperyans an Ewòp ak jwè k ap jwe nan pi gwo klib yo, tankou Akanji ak kapitèn Granit Xhaka.
Gadyen: Yann Sommer
Defansè: Silvan Widmer, Manuel Akanji, Nico Elvedi, Ricardo Rodriguez
Mitan Teren: Remo Freuler, Granit Xhaka, Denis Zakaria
Atakan: Xherdan Shaqiri, Breel Embolo, Ruben Vargas
Tout bagay prè pou 90 minit gwo espektak sa a. Eske eksperyans Ewopeyen an ap domine, osinon eske Kata ap kreye sipriz la? Repons lan se sou teren an!
Echojounal echojounal.net