Springfield : Mobilizasyon ak protestasyon kont dispozitif elektwonik yo enpose sou migran ayisyen yo.

Moun ki rete nan vil Springfield ak divès lòt zòn nan leta Ohio soti nan lari pou yo montre solidarite yo ak kominote ayisyen an, ki ap travèse yon moman difisil anba men sèvis imigrasyon ameriken yo (ICE).

Manifestasyon sa yo ap fèt nan yon moman kote anpil fanmi ap viv nan gwo enkyetid apre anons fòmèl fèmti pwogram Statut de Protection Temporaire (TPS) la.

Daprè sa plizyè medya ak lidè nan dyaspora a rapòte, plizyè imigran ayisyen ki te reponn ak konvokasyon rutin ICE yo rekonèt yo te fòse yo mete yon braslè elektwonik nan cheviy yo pou ka swiv deplasman yo.

Desizyon sa a pwovoke gwo kòlè nan mitan responsab asosyasyon ak lidè kominotè yo nan Springfield. Vilès Dorsainvil, ki ap dirije sant sipò pou kominote ayisyen an (*Springfield Haitian Community Help and Support Center*), denonse fason y ap trete resòtisyan ayisyen yo anba mezi sa a.

« Moun sa yo pa kriminèl. Yo te rive epi yo t ap viv nan peyi a dapre lalwa, yo peye taks yo, epi yo toujou reponn ak tout konvokasyon otoritite yo san okenn pwoblèm, » se sa plizyè lidè te fè konnen pandan yon rasanbleman pasifik.

Lidè kominotè yo fè konnen fòse moun mete aparèy sa yo se yon fòm imilyasyon ak entimidasyon sikolojik ki pa gen okenn rezon valab, sitou pou fanmi ki te deja byen entegre nan lavi ekonomik ak sosyal vil la.

Bò kote pa yo, plizyè abitan nan Springfield ansanm ak lidè relijye lokal yo montre sipò san kondisyon yo pou vwazinaj ayisyen yo. Yo mande gouvènman an pou l reevalye desizyon an epi konsidere sitiyasyon anpenn ak ensekirite ki ap ravaje peyi d Ayiti anvan yo pran okenn desizyon pou depòte moun sa yo.

Pandan krentif pou depòtasyon ap ogmante chak jou, òganizasyon dwa moun ak avoka nan zòn nan ap mobilize pou bay asistans legal ak sipò pou fanmi ki sibi mezi sa yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Nazon: Reziyans ak solidarite nan kè popilasyon an ki deside retounen lakay yo

Ant laperèz ak espwa, plizyè fanmi ki te oblije kouri kite kay yo nan zòn …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager