Gwo konfli ant prezidan ameriken an, Donald Trump ak prezidan peyi Kolonbi an, @petrogustavo.
Konfli sa eklate apre prezidan peyi Kolonbi a, Gustavo Petro te anpeche de (2) avyon militè peyi Etazini ki te vin depòte plizyè kolonbyen ki te ap viv nan peyi Etazini san papye ateri nan peyi Kolonbi. Nan yon deklarasyon prezidan Petro fè, li deklare peyi Etazini pa ka trete migran li yo tankou kriminèl, li anonse li ap voye avyon militè al chache migran kolonbyen yo.
Yon aksyon ki leve tout plim sou do prezidan ameriken an, Donald Trump ki bay lòd ak gouvènman li an pou pran yon pil sanksyon kont Gustavo Petro, fanmi li ak tout manm nan gouvènman kolonbyen an.
Nou ap fè ou konnen peyi Kolonbi pa sèl peyi ki nan konfli ak Etazini, Meksik, Brezil pou site sa yo mande prezidan ameriken an, Donald Trump pou li respekte migran yo, e yo fè li konnen migran pa kriminèl.