Ayiti/Manifestasyon: Gwo koub nan dènye lè nan jounen manifestasyon 16 avril 2025 lan.

Gwo koub nan dènye lè nan jounen manifestasyon 16 avril 2025 lan ki te prevwa ale devan primati ak vila dakèy pou te al fè tande vwa yo.

koub sa rive fèt apre youn nan lidè manifestasyon an, Samuel ta pral fè konnen ke li aprann gen plizyè santèn moun ki nan mitan yo pou kreye deblozay e fè masak sou yo, li te mande manifestan yo pou rantre lakay yo pou evite yo viktim e anonse li menm ak ekip li pral travay pou bay yon repons ak sa ki fèt la, poutan, avan manif la li te mande tout moun yo pou yo te mache ak tout sa  yo genyen pou defann tèt yo pou si yo atake yo.

Manifestan yo bò kote pa yo ki te plizyè milye malgre lapli, malgre gwo mobilizasyon lapolis ak lame a pou pat kite yo rive te motive pou al pote mesaj la, yo te bloke plizyè kwen nan Dèlma ak wout Dèlma, manifestan yo ki te soti nan plizyè kwen tankou Kafoufèy, Debisi, Fò nasyonal, Petion ville, Lali, Bwavèna, nan plizyè kan pou site sa yo te wè mal koub ki te fèt nan dènye lè a te deside manifeste e lanse anpil pawòl piman bouk kont manm konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout yo ak premye minis defakto, Didier Fils Aimé pandan yo tap rantre lakay yo.

Pilwen anpil nan manifestan yo te pwofite denonse manm konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout yo, gouvènman defakto, dg PNH la, Normil Rameau ki deplwaye tout fòs yo pou anpeche pèp la pran lari men ki pa fè anyen pou anpeche bandi yo pran tèritwa, selon yo si te gen sèlman 5% nan sa yo fè pou kraze mach la ki te fèt pou bandi yo pa tap gen tout tèritwa sa yo ki pèdi.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …