Tansyon an ap moute pi rèd nan peyi Dayiti pandan dat limit 7 fevriye a ap pwoche. Gouvènman ameriken an deside deplwaye yon gwo bato lagè, USS Southland, ansanm ak de (2) bato gad kòt nan dlo Ayiti yo, nan yon moman kote avni Konsèy Prezidan Tranzisyon chak moun fè ti kout la (CPT) ap diskite.
Dapre enfòmasyon jounal Miami Herald pibliye, prezans militè sa a rive nan yon kafou istorik kote manda Konsèy ki gen 9 manm lan sipoze fini ofisyèlman samdi ki ap vini la a. Etazini voye yon mesaj klè : yo pa vle okenn lòt reta nan pwosesis pou remèt pouvwa a.
Malgre presyon ki ap fèt, gen gwo tèt chaje sou fason tranzisyon an ap fini. Pandan gen kèk manm nan Konsèy la ki deja dakò piblikman pou yo rale kò yo nan dat 7 fevriye a, gen lòt ki toujou ap negosye. Gen rime ki di gen manm ki ta renmen rete pou patisipe nan sa ki ap prepare pou apre a, malgre otorite ameriken yo te deja avèti manda yo pa ka pwolonje.
Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te deja fè konnen pozisyon Washington : Konsèy la dwe kraze nan dat ki te prevwa a. Pou anpil obsèvatè, prezans USS Southland la nan bè Pòtoprens se yon fason pou montre Etazini prè pou li aji si sitiyasyon an ta vire mal.
Anplis kriz politik la, prezans bato sa yo gen de lòt gwo objektif :
- Anpeche debòdman : Evite pou gang yo oswa gwo manifestasyon pa mete vil la tèt anba pandan vid enstitisyonèl sa a ap prepare.
- Siveye lanmè a : Depi jodi 3 fevriye a, pwogram TPS la (Pwoteksyon Tanporè) pou Ayisyen Ozetazini rive nan bout li. Ameriken yo pè pou sa pa lakòz yon gwo vag moun ki ap kouri kite peyi a nan bato.
Pandan bato lagè yo ap veye nan dlo a, tout je fikse sou Premye Minis defakto, Alix Didier Fils-Aimé. Anpil moun kwè se li ki ap rete sèl chèf egzekitif la pou li eseye mennen peyi a vè eleksyon nan mwa out 2026, jan sa te planifye.
Pou kounye a, kapital la rete anba yon gwo presyon, pandan kominote entènasyonal la ap tann pou wè si tranzisyon sa a ap fèt nan lòd oswa si nou ap antre nan yon lòt faz tèt chaje.
Echojounal echojounal.net