Etazini/Iran/Gè: Donald Trump bay Iran yon iltimatòm 48 èdtan

Tansyon an moute wo ant peyi Etazini ak Iran apre Prezidan Donald Trump te pibliye yon mesaj ki chaje ak kòlè sou rezo sosyal li a, Truth Social. Chèf deta ameriken an bay gouvènman Teheran an yon delè 48 èdtan pou yo relouvri detwa Òmiz la, sinon li menase pou li deklanche yon seri operasyon militè kont enfrastrikti estratejik peyi sa a.

Dapre iltimatòm prezidan an bay la, si Iran pa reponn ak demann Washington nan anvan madi 7 avril 2026 ki ap vini la, lame ameriken an gen lòd pou li vize pwen vilnerab nan peyi a. Trump fè konnen madi ap tounen yon « jou nwa » kote atak yo pral konsantre sou santral elektrik ak pon yo.

« Madi ap tounen yon jou pou Santral Enerjetik ak jou pou Pon an Iran, de yo ansanm. Pap gen anyen ki sanble ak sa! », se sa lidè ameriken an te ekri pou li montre detèminasyon li nan dosye sa a.

Mesaj la, ki ekri ak yon ton ki pa abityèl nan diplomasi entènasyonal la, chaje ak mo di ak ensilt. Prezidan an pa te kache kòlè li lè li te mande otorite iranyen yo pou yo louvri pasaj lanmè a imedyatman, pandan li te avèti yo ke yo pral « viv nan lanfè » si yo pa koute avètisman li an. Yon detay ki frape anpil moun, se jan li fini mesaj la ak fraz « Glwa pou Allah », yon fason pou li pwovoke lidè Teheran yo pi rèd.

Detwa Òmiz la se youn nan kote ki pi enpòtan sou planèt la pou transpò enèji. Depi gen yon menas sou pasaj sa a, mache petwòl la konn soukouye, sa ki ka lakòz pri gaz la moute toupatou sou latè.
Kominote entènasyonal la ap gade sitiyasyon an ak anpil kè sote, pandan yo ap tann pou wè si madi sa a ap pase nan dyalòg oubyen si nou ap asiste yon eskalad militè nan Mwayen Oryan an. Pou kounye a, tout je fikse sou revèy la pandan 48 èdtan yo ap dekonten.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Ayiti/DIE: KI SA MINIS BIEN-AIMÉ AP KACHE DÈYÈ DESIZYON « TÈT ANBA » SA A?

Pandan dlo ap koule nan je anpil anplwaye nan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE), yon …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager