Editoryal: Lonbraj Vitelhomme ak Asasina Jovenel Moïse — Kiyès ki ap Pwoteje Kiyès?

Deklarasyon ki fè konnen Jhon Joël Joseph ak Mario Palacios te pase anviwon 15 jou kache lakay chèf gang Vitelhomme Innocent touswit apre asasina prezidan Jovenel Moïse la, se yon bonm ki pete nan figi jistis ayisyen an ak kominote entènasyonal la. Revelasyon sa a, ki soti nan kad pwose ki ap fèt Ozetazini, soulve yon kesyon ki taye banda: Kiyès ki vrè konplis ki te dèyè rido a?

‎Depi apre lannwit kriminèl 7 jiyè 2021 an, anpil moun te ap mande kòman sispèk kle yo te fè rive chape anba vijilans lapolis pou yo al jwenn refij nan zòn Taba. Si jodi a li klè ke se nan baz « Kraze Baryè » yo te ye, sa konfime yon verite anmè: gang yo pa te la sèlman pou fè dezòd, men yo te sèvi kòm yon « boukliye lojistik » pou moun ki te planifye krim lan.

‎Misyon « Divèsyon » an: Yon Plan byen Trase
‎Vitelhomme Innocent pa te janm kache wòl li. Nan plizyè entèvansyon li te fè nan laprès, li te deklare klèman ke misyon li, apre lanmò Jovenel Moïse, se te fè « Divèsyon » (kase distraksyon). Pandan peyi a te ap kriye epi otorite yo te ap chache koupab, gang li a te ap simen laterè pou fòse tout atansyon piblik la konsantre sou ensekirite a olye sou chache konnen kiyès ki te bay lòd la ak kiyès ki te peye pou sa.

‎Kesyon an rete: Pou kiyès Vitelhomme te ap travay lè li te ap kreye distraksyon sa a?Lè yon chèf gang kapab akeyi yon ansyen senatè ak yon mèsenè etranje pandan de semèn san pèsonn pa manke yo, sa montre gen yon rezo pwoteksyon ki depase nivo gang lan sèlman.

‎Yon lòt pwen ki boulvèse lespri anpil obsèvatè, se fason gang Vitelhomme nan ap opere nan zòn Taba, nan papòt Anbasad Ameriken an, san yo pa janm vrèman enkyete yo. Malgre gwo teknoloji ak mwayen sekirite Anbasad la genyen, rezo kriminèl sa a kontinye ap grandi, ap kidnape, epi ap teworize popilasyon an nan menm perimèt la.

‎Sa fè anpil moun mande:
‎ 1. Èske gen yon paspò iminite ki bay gang sa yo dwa pou yo fè sa yo vle bò kote pi gwo reprezantasyon diplomatik la?
‎ 2. Kouman fè yon moun ki sou lis moun FBI ap chache (Most Wanted) ka ap mache libere epi bay refij ak moun ki touye yon chèf deta nan menm zòn sa a?

‎Yon Jistis ki Marasa
‎Pandan pwosè yo ap avanse nan peyi Etazini, nan peyi Ayiti, dosye a sanble mouri nan tiwa. Revelasyon sou 15 jou sispèk yo pase kay Vitelhomme nan se yon prèv ke sistèm nan te gen gwo moso ki te koripsyon anndan li.

‎Si nou vle konnen ki vrè konplis Jovenel Moïse yo, nou pa dwe gade sèlman moun ki te kenbe zam yo nan chanm nan. Nou dwe gade moun ki te bay wout pou yo sove, moun ki te bay lòd pou yo fè « Divèsyon« , ak moun ki, jiska jodi a, ap pèmèt gang yo domine zòn estratejik nan peyi a san okenn pinisyon.

‎Asasina Jovenel Moïse la se pa sèlman yon krim kont yon nonm, se te yon operasyon kote gang, politik, ak enterè fènwa te mare sosis yo ansanm. Jistis pa ka fèt si nou pa demaske tout moun ki te nan chèn konplisite sa a, soti nan baz gang yo rive nan biwo ki pi wo yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Editoryal: Yon rido lafimen pou kache yon kout kouto nan do pèp la

Nan yon peyi kote grangou ap taye banda epi nwa fènwa ap vale lavni nou, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager