Etazini/Gè: Lachanm Depite ameriken vote yon rezolisyon pou sispann lagè nan peyi Iran

Vòt istorik sa a, ki pase ak yon ti majorite sere, se yon fason pou Palman an fòse administrasyon Trump lan respekte Konstitisyon an, menmsi chemen an kòmanse parèt long pou desizyon sa a vin yon reyalite.

Lachanm Depite Ozetazini franchi yon gwo pa istorik mèkredi 3 jen 2026 sa a, lè li vote yon rezolisyon espesyal (War Powers Resolution) ki ap lòdone pou Lame ameriken mete fen nan tout operasyon militè ak batay ki ap fèt nan peyi Iran.

Vòt sa a, ki pase ak 215 vwa pou epi 208 vwa kont, montre gen yon gwo tèt chaje ak pasyans k ap fini nan peyi tonton Sam, depi apre gwo kriz sa a te pete sa gen plis pase twa mwa.

Se reprezantan demokrat Gregory Meeks ki te pote pwojè lwa sa a devan Lachanm. Malgre se Pati Repibliken an ki gen majorite nan chanm sa a, gen kat depite repibliken (Thomas Massie, Brian Fitzpatrick, Tom Barrett ak Warren Davidson) ki chwazi rasanble ak kan demokrat la pou vote anfavè tèks la.
Se premye fwa, apre twa tantativ ki te echwe, Lachanm rive jwenn yon majorite pou bloke operasyon militè yo depi lagè a te kòmanse 28 fevriye pase a.

Dapre lwa ameriken sou pouvwa lagè yo ki te fèt nan ane 1973 (War Powers Act), yon prezidan gen dwa deplwaye sòlda si gen yon danje prese-prese, men li gen sèlman 60 jou pou li jwenn otorizasyon nan men Kongrè a. Si li pa jwenn li, li dwe kòmanse retire twoup yo. Kounye a, delè sa a depase depi byen lwen.

Bò kote pa li, Lasal Blanch ak Sekretè Deta a, Marco Rubio, fè konnen rezolisyon sa a pa nesesè paske pi gwo operasyon an (yo te rele Epic Fury) deja fini epi gen yon chita-tande pou sispann tire ki sou pye. Men, depite yo pa t tande sa nan zòrèy yo; yo fè konnen grannèg yo kontinye ap voye bonm epi gen kout zam ki ap tire toujou sou teren an.

Menmsi vòt sa a se yon gwo siyal politik, reyalite a se ke desizyon an poko ka aplike dirèkteman :
Pout tounen lwa : Fòk Sena ameriken an vote menm rezolisyon sa a tou. Pou koulye a, demokrat yo ap avanse sou sa, men yo poko fikse yon dat pou vòt final la.

Veto Prezidan an : Si tèks la rive sou biwo Donald Trump, li klè tankou dlo lavi prezidan an ap itilize dwa veto li pou li bloke l, paske li di lwa sa a kontstitisyonèl.

Majorite de tyè (2/3) : Pou Kongrè a ta kase veto prezidan an pou fòse lagè a fini, fòk yo ta revote tèks la ak de tyè nan vwa yo nan tou de chanm yo. Sa ap difisil anpil lè n gade jan vòt mèkredi a te sere.

Anmenmtan, vòt sa a montre aklè jan anpil palmantè, menm nan kan repibliken an, kòmanse bouke ak yon lagè ki ap trennen, ki ap koute chè epi ki ap fè pri gaz ak lavi a monte toupatou sou planèt la.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Jistis : Tribinal Kriminèl bloke Phanèse R. Laguerre ak Alberto Dort

Kou dapèl Pòtoprens rejte tout rekou ansyen responsab Pwogram Nasyonal Kantin Lekòl (PNCS) yo. Phanèse …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager