Mondyal 2026: Brezil ap antre nan mondyal la aswè a, li pral rankontre ak ekip Mawòk la, men tout detay

Atmosfè a pral cho nèt aswè a nan peyi Etazini pou gwo premye match nan Gwoup C a pou Koup Dimond FIFA 2026 la. De gwo nasyon foutbòl, Seleção a nan peyi Brezil ak Lyon Atlas yo ki soti nan peyi Mawòk, pral kraze fòs yo nan yon match ki pwomèt anpil espektak.

Match la ap jwe nan estad New York New Jersey Stadium, ki chita nan zòn East Rutherford, New Jersey. Estad sa a, ka pran plis pase 82,500 moun, se li menm tou ki pral resevwa gwo final konpetisyon an an jiyè.

Pou dirije gwo tonton jwèt sa a, FIFA chwazi arbit entènasyonal esloven an, Slavko Vinčić. Abit sa a gen anpil eksperyans, se li menm ki te dirije final gwo konpetisyon tankou UEFA Champions League la nan ane 2024.

Brezil: Peyi Samba a se sèl ekip ki pa janm rate yon edisyon Koup Dimond. Se pral 23yèm patisipasyon yo nan gwo randevou sa a, kote yo deja genyen trofe a 5 fwa (yon rekò mondyal).

Mawòk: Lyon Atlas yo ap fete 7yèm patisipasyon yo nan yon Koup Dimond. Apre bèl pakou istorik yo nan ane 2022 kote yo te rive nan demi-final (premye ekip afriken ki fè sa), yo vini nan edisyon sa a ak anpil konfyans.

Nan tout istwa foutbòl yo, de ekip sa yo te jwe sèlman 2 fwa youn kont lòt, epi balans lan pafè nèt (1 viktwa pou chak ekip):
1. 1998 (Koup Dimond): Brezil te bat Mawòk 3-0 nan premye tou an.
2. 2023 (Match Amikal): Mawòk te pran revanj li kote li te bat Brezil 2-1 nan peyi Mawòk.

Antrenè yo espere mete pi bon zam yo deyò pou premye match sa a. Men ki jan ekip yo ka prezante sou teren an:

🇧🇷 Ekip Probabl Brezil (Anba direksyon Carlo Ancelotti):
Gadyen: Alisson
Defansè: Danilo, Éder Militão, Marquinhos, Guilherme Arana
Milye Teren: Bruno Guimarães, João Gomes, Lucas Paquetá
Atakan: Rodrygo, Endrick, Vinícius Júnior

🇲🇦 Ekip Probabl Mawòk (Anba direksyon Walid Regragui):
Gadyen: Yassine Bounou
Defansè: Achraf Hakimi, Nayef Aguerd, Romain Saïss, Noussair Mazraoui
Milye Teren: Sofyan Amrabat, Azzedine Ounahi, Bilal El Khannouss
Atakan: Hakim Ziyech, Youssef En-Nesyri, Amine Adli

Match la ap kòmanse vè 6:00 PM (Lè Ayiti / ET). Tout je ap fikse sou teren an pou nou wè kilès nan de gwo ekip sa yo ki ap pran avantaj nan gwoup la!

About Emmanuel Hubert

Check Also

Le passé de Mustapha Ghorbal refait surface après Haïti – Écosse

L’arbitre du match opposant Haïti à l’Écosse, Mustapha Ghorbal, se retrouve à nouveau sous le …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager