Ayiti/Ekonomi: Yon ti monnen ki pap soulaje bous malere ki ap mouri anba lavi chè

Gouvènman defakto an pibliye yon nòt ofisyèl pou anonse yon ti rale sou pri de (2) nan pwodwi petwolye yo sou mache lokal la: dizèl la pase de 825 pou l rive 790 goud, epi kerosèn nan soti nan 845 pou l desann 785 goud. Si pou otorite yo se yon fason pou montre yo ap aji, pou plizyè obsèvatè ak sitwayen, desizyon sa a sanble tèt koupe ak yon operasyon makiyaj politik pou klere je pèp la, pandan gwo kriz ekonomik la ap kontinye souse san peyi a.

Kritik yo pa mete dlo nan bouch yo pou demontre limit ak mank volonte ki genyen dèyè ti soulajman sa a, atravè twa (3) pwen prensipal :

1. Gazolin nan bloke: Yon kout kouto nan do sektè transpò a
Premye gwo manti ki nan nòt gouvènman an, se kite pri gazolin nan entak nan 700 goud. Nan reyalite Ayiti a, se gazolin ki fè pi gwo pati nan transpò piblik la travay, sitou motosiklèt ak majorite kamyonèt ki ap asire deplasman malere chak jou. Depi pri gazolin nan pa bouje, pri kous yo pap desann yon goud nan lari a. Sa vle di, vwayajè yo ak machann yo pap jwenn okenn soulajman reyèl.

2. Ti monnen an fas ak gwo goudwon lavi chè a
Retire 35 goud sou yon galon dizèl ak 60 goud sou kerosèn, se tankou yon ti gout dlo nan mitan yon gwo dife. Depi plizyè mwa, enflasyon an fin kraze bous fanmi yo, epi pri pwodwi premye nesesite yo moute nan syèl la san yo pa janm desann. Diminisyon senbolik sa a pap gen okenn efè antrenman sou pri manje ak lòt sèvis debaz yo ki deja fiks sou ansyen tarif yo.

3. Yon estrateji kominikasyon olye de yon plan ekonomik
Pou anpil moun, diminisyon ti monnen sa a sou gaz la se yon kalkil politik pou eseye kalme tansyon sosyal yo ak kòlè popilasyon an ki ap moute. Olye pou otorite yo ta chita sou yon vrè plan estratejik pou kwape lavi chè a, kontwole mache a, ak estabilize lajan nasyonal la, yo prefere pretann yo desann gaz.

Dènye avi sa a sou pri gaz la montre aklè gouvènman an chwazi fè politik ak kriz la olye li pote solisyon fondamantal. Pandan nòt la ap sikile nan biwo Leta yo, reyalite lari a rete menm jan an: kriz la ap vale teren, epi pèp la ap kontinye peye po kase yon sistèm ekonomik ki depase pa evènman yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Sud-Est : La PNH reprend le contrôle du sous-commissariat de Seguin après des affrontements

La Police Nationale d’Haïti (PNH) a repris le contrôle effectif du sous-commissariat de Seguin, situé …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager