Le Roi Production onore Polisye yo pou 31yèm Anivèsè PNH la

Pandan Lapolis Nasyonal Ayiti a te ap selebre 31 lane egzistans li, enstitisyon kiltirèl ak sosyal « Le Roi Production » te chwazi make dat 14 jen 2026 la yon fason espesyal nan komin Chantal, kote yo te rann yon omaj vibran bay ajan ki ap asire sekirite nan zòn nan.

Nan yon moman kote kesyon sekirite a nan sant tout préokipasyon anndan peyi a, komin Chantal te viv yon bèl moman solidarite dimanch 14 jen an. Enstitisyon *Le Roi Production* te pran inisyativ pou onore tout polisye ki ap sèvi kominote a, yon fason pou salye kouraj yo epi rekonèt sakrifis yo ap fè chak jou.

Yon jès pou ranfòse moral fòs lòd yo
Dapre Salomon Nelson, prezidan *Le Roi Production*, jès senbolik sa a nesesè pou ankouraje polisye yo kontinye ranpli misyon legal yo, ki se « Pwoteje ak Sèvi ». Pandan aktivite a, Mesye Nelson te akonpaye pa de lòt manm nan estaf li a : Jacques Eddyson Louis, ki se Sekretè Jeneral, ak Jean Paul Cadet, ki ap sèvi kòm delege enstitisyon an. Yo tout te voye yon mesaj klè sou enpòtans pou popilasyon an sipòte moun ki gen responsablite pou veye sou lavi ak byen sitwayen yo.

« Li enpòtan pou nou kanpe bò kote moun ki ap sakrifye tèt yo pou sekirite nou, » se sa lidè òganizasyon an fè konnen.

Bò kote fòs lòd yo, remèsiman ak emosyon te nan randevou a. Enspektè Jean Aloues Lexima ak Ajan Mackenson Yéyé te pran lapawòl nan non tout kòlèg yo pou yo di ekip *Le Roi Production* la mèsi pou jès sa a yo kalifye kòm yon aksyon « wayal ».

Pandan yo te pwofite okazyon an pou yo renouvle detèminasyon yo pou kontinye travay pou lapè nan Chantal, de responsab yo te voye yon mesaj bay tout kominote a. Yo raple ke sekirite se zafè tout moun, epi yo konte anpil sou konfyans, sipò, ak kontribisyon chak grenn sitwayen pou yo ka pi efikas nan travay yo.

Aksyon sa a vin mete yon lòt prèv sou angajman *Le Roi Production*, yon enstitisyon ki pa sispann montre prezans li ak lidèchip li nan moman kle nan lavi komin Chantal la.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Alerte sanitaire dans la Grand’Anse : mortalité porcine suspecte et risques sur les marchés

Une vague de mortalité subite frappe les élevages de porcs dans le département de la …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager