Pandan plizyè milye fanmi ayisyen ap dòmi anba syèl ki pa atè, nan lari, sou plas piblik, ap kouri pou laterè gang ame ki ap boule kay yo, gwo tonton chèf nan leta a chwazi peryòd kriz sa a pou yo al gagote lajan trezò piblik la aletranje. Depi plizyè jou, yon gwo delegasyon gouvènman de facto a, ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé nan tèt li, kite peyi a an kachèt pou yo al loje nan otèl liks Ozetazini, anba pretèks yo al sipòte seleksyon nasyonal foutbòl la nan Koup Dimond 2026 la.
Dapre enfòmasyon ki verifye, se yon jet prive Trezò Piblik la peye ki te transpòte Premye Minis de facto a bò kote plizyè gwo manm kabinè l la. Okenn kominike ofisyèl bò kote Primati a pa te anonse vwayaj sa a bay popilasyon an, sa ki montre klè dezi pou operasyon sa a te fèt nan fènwa.
Lis otorite ki deplase yo sanble ak yon Konsèy Minis ki ap fèt nan vil Filadèlfi ak Nouyòk. Minis Afè Etranjè, Finans, Travo Piblik, Planifikasyon, Touris, Kondisyon Fanm, san bliye Minis Jistis la ki abitye asire interim lè chèf gouvènman an deplase tout nan vwayaj la. Genyen tou yon pakèt Direktè Jeneral ki anbake nan gwo deba gaspiyaj sa a. Sèl Minis ki pa te nan foto a pou kounye a, se sa ki an chaj Espò a.
Pandan diplomat ak konsila Ayiti nan vil Nouyòk ap dekese gwo lajan pou kouvri frè otèl senk etwal ak deplasman chèf sa yo, reyalite a tris anpil sou tèritwa nasyonal la. Pèp la abandone nèt nan lari Pòtoprens ak lòt zòn nan peyi a, san dlo, san manje, san sekirite, anba menas katouch ak vyolans gang yo.
Vwayaj an mas sa a leve yon gwo kesyon fondamantal sou plan enstitisyonèl ak legal: Kiyès ki ap jere peyi a depi plizyè jou?
Piske Minis Jistis la, ki la pou sa, pati tou ak rès ekip la, e piske pa gen okenn arete ki pibliye nan jounal ofisyèl *Le Moniteur* pou bay yon lòt moun interim, chèf yo chwazi dirije peyi a sou distans, depi nan konfò otèl liks yo Ozetazini. Sitiyasyon sa a montre yon mank respè total pou popilasyon an ak pou enstitisyon repibliken yo, sitou nan yon moman kote gouvènman Fils-Aimé a gen tout pouvwa egzekitif la nan men l depi lè manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) kanpe lwen.
Vwayaj sa a, ki ap fèt sou pretèks « patriyotis » pou al gade match Grenadye yo (sitou gwo rankont kont Brezil la), parèt nan je plizyè obsèvatè tankou yon ensilt pou soufrans mas pèp la. Pandan nou ap pale la a, lajan taks malere ap depanse nan gwo liks aletranje, pandan jèn, granmoun ak timoun inosan ap kontante yo ak moso twal plastik kòm sèl abri anba gwo lapli ak laterè nan peyi a.
Echojounal echojounal.net