Anbyans lan ap bouyi pi rèd sou kontinan nò-ameriken an. Pou premye Koup Dimond sa a ki ap fèt ak 48 ekip, dezyèm jounen 16e de final yo pwomèt gwo tonton jwèt lendi 29 jen 2026 sa a. Je tout moun fikse sou de gwo afich nan tablo final la : Seleção Brezil la k ap croise le fèm ak Japon, epi machin Almay la k ap gade nan je Paragwe.
Men analiz konplè de chòk sa yo k ap bay tikè pou 8es de final.
Brezil ap antre nan match koperèt sa a ak tout estati favori li sou do l. Men, Samouraï Bleus peyi Japon yo pa ti krik krak ankò, yo pare pou yo kenbe tèt ak nenpòt gwo tonton ekip.
Estad la : De seleksyon sa yo pral jwe sou gazon Houston Stadium (NRG Stadium) nan leta Texas.
Kantite konfwontasyon : De nasyon sa yo deja jwe 10 fwa nan istwa yo. Istwa a panche plis pou Brezil ki genyen 7 viktwa, 2 match nil, ak 1 sèl gwo defèt. Men, dènye match amikal yo te jwe nan mwa oktòb 2025 la dwe sèvi Brezil leson, paske Japon te bat yo 3-2.
Klasman nan dènye Mondyal la (Kata 2022) :
Brezil : Yo te elimine nan veye ka de final kont peyi Kroasi, epi yo te fini nan 5e plas klasman jeneral la.
Japon : Yo te elimine ak anpil lonè nan 8es de final (kont Kroasi tou nan chout penaliti), sa ki te mete yo nan **9e plas.
Almay – Paragwe
Almay te fini premye nan gwoup li a men jwèt la poko fin dous nèt. Fwa sa a, yo ap jwenn yon ansyen konesans nan zòn Amerik disid la ki te pase kòm youn nan pi bon twazyèm yo.
Estad la : Kout siflèt premye mi-tan an ap bay nan Boston Stadium (Gillette Stadium nan Foxborough), nan leta Massachusetts.
Kantite konfwontasyon : Se yon match nou pa abitye wè souvan. Almay ak Paragwe gen sèlman 3 konfwontasyon nan istwa modèn foutbòl la. Sa ki pi make lespri moun yo se te nan 8èm de final Mondyal 2002 a, kote Almay te rache viktwa a 1-0 gras ak yon gol Oliver Neuville nan finisman match la. Yo te fè yon match nil 3-3 tou nan yon match amikal an 2013.
Klasman nan dènye Mondyal la (Kata 2022) :
Almay : Se te yon gwo chòk, yo te elimine depi nan premye tou (faz de gwoup) kote yo te fini twazyèm nan Gwoup E a (dèyè Japon ak Lespay). Yo te pran 17e plas la.
Paragwe : Yo pa te jwenn tikè pou yo ale nan edisyon 2022 a nan peyi Kata. Dènye fwa yo te jwe yon Mondyal se te an 2010.
Echojounal echojounal.net