Lajistis Kanadyèn kondane John Colem Morvan pou difamasyon kont Wendy Phele

Lakou Siperyè pwovens Kébèk kondane John Colem Morvan, fondatè platfòm « bat bravo lajenès » (BBJ), pou difamasyon kont jounalis ak polonm Wendy Phele.

Tribinal la pase lòd pou Morvan peye yon sòm ki depase 50 000 dola kanadyen kòm dedomajman ak enterè pou domaj li lakòz repitasyon plenyen an.
Anplis sanksyon finansyè sa a, jijman an egzije pou John Colem Morvan retire tout videyo ak piblikasyon ki jije difamatwa sou paj Facebook ak YouTube li nan yon delè 5 jou. Li gen obligasyon tou pou li pibliye yon kopi konklizyon desizyon tribinal la sou pwòp rezo sosyal pa l yo epi sipòte tout frè ki gen rapò ak pwosè a.

Sa se pa premye fwa John Colem Morvan twouve l nan diskisyon ak lajistis pou koze difamasyon. Sa gen kèk lane, li te gen yon gwo dispit legal tou ak biznisman Jhonson Napoléon, kote li te blije rekonèt piblikman ke kèk nan akizasyon li te pote yo pa t baze sou laverite. Nouvo kondanasyon sa a vin konfime yon lòt fwa ankò desizyon tribinal yo pou pini difamasyon ak manti sou rezo sosyal yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Unité au Sommet : Marcorel Zidor, André Muscadin et Mackenson Dorilas scellent une réconciliation historique

Dans un paysage évangélique haïtien souvent marqué par des rivalités de leadership et des guerres …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager