Mondyal 2026: Lespay mete Pòtigal deyò ak yon sèl gòl Merino nan dènye minit.

‎Se te yon match ki te gen souf koupe, yon vrè lagè taktik, men se nan bout bout la desten de ekip yo te jwe. Gras a yon gòl sispens nan dènye segond yo (90’+1′), Mikel Merino delivre pèp panyòl la epi voye Pòtigal lakay yo nan faz uityèm de final Mondyal 2026 la.

‎Depi lè abit la bay kout siflèt kòmansman an, tout moun te ka santi sa pa te ap fasil. De gran nasyon foutbòl sa yo te deside fèmen dèyè pou yo pa pran gòl an premye. Pòtigal, avèk yon liy defans solid, te rive bloke tout atak sipriz « La Roja » te genyen. De bò yo te kreye kèk okazyon, men ni gadyen panyòl la, ni gadyen pòtigè a te montre yo te gen je yo byen louvri.

‎Lè dezyèm mi-tan an t ap rive nan bout li, tout moun te deja kòmanse ap prepare tèt yo pou pwolongasyon. Fatig te kòmanse parèt nan pye jwè yo, e match la te ap vin pi di.

‎Pandan katriyèm abit la te ap montre tan adisyonèl la, e laperèz te kòmanse anvayi stad la, se la mirak la rive pou Lespay. Apre yon bèl aksyon kolektif sou bò dwat, boul la santre byen fò nan bwat la. Nan mitan yon foul defansè pòtigè ki te yon ti jan pèdi konsantrasyon, Mikel Merino parèt tankou yon kout zèklè. Ak yon kout tèt byen plasé nan minit 90+1′, li twonpe vijilans gadyen Pòtigal la.

‎Gòòòòòòòl! estad la te tounen yon sèl rèl lajwa bò kot sipòtè panyòl yo, pandan jwè Pòtigal yo tonbe ajenou, tèt yo anba, tèlman yo pa te ka kwè sa ki te sot rive a.

‎Kout siflèt final la te vini kèk segond apre sa, pou mete ochan nan rèv Pòtigal pou edisyon sa a. Se yon gwo kou pou seleksyon pòtigè a ki te gen gwo anbisyon nan konpetisyon sa a.

‎Kanta pou Lespay, yo kontinye wout yo avèk anpil fòs ak karaktè. Viktòy (1-0 )sa a ouvè pòt kat de final yo byen prese pou gason gwo jwèt yo. Yo montre jodi a ke yon match foutbòl pa janm fini toutotan abit la pa sifle.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondial 2026 : Intervention politique inédite, la FIFA suspend la sanction de Folarin Balogun

Dans un revirement de situation totalement inédit, la FIFA a annoncé la suspension du match …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager