Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) frape yon gwo kou nan kan gwoup ame yo nan komin Kènskòf. Nan yon operasyon fòs lòd yo te mennen dimanch sa a nan lokalite Viard, omwen sis (6) moun ki sispèk kòm bandi pèdi lavi yo pandan fwonterisid ak pwojèktil lapolis.
Lapolis presize operasyon sa a rantre nan kad plan estratejik pou demantele foyer kriminèl yo epi retounen lajistis ak lapè nan popilasyon an, sitou nan zòn ki anwo yo nan depatman Lwès la.
Enstitisyon polisiyè a profite okazyon sa a pou li salye kolaborasyon popilasyon an epi konfime angajman li pou li kontinye pèsekite tout gwoup kriminèl ki ap twouble trankilite piblik la sou tout teritwa nasyonal la.
Echojounal echojounal.net