Pwosesis enskripsyon elektè yo ap kontinye pran nan peyi a. Plis pase 11 000 sitwayen deja ranpli fòmalite yo nan depatman Sid la depi lè operasyon an te ouvè ofisyèlman nan dat 20 jiyè 2026 la.
Se konsèyè elektoral Yves Marie Édouard ki te bay chif sa yo pandan yon konferans pou laprès li te anime nan vil Okay, madi 4 out 2026 ki sot pase a.
Pandan rankont sa a ak laprès, reprezantan Konsèy Elektoral la te pwofite prezante yon rapò sou jan travay la ap dewoule sou teren an. Li te sonje sitwayen yo enpòtans pou yo ale nan sant enskripsyon yo pou yo ka gen posiblite vote lè lè a rive, pandan l ap ankouraje tout moun ki poko fè sa pou yo pa tann dènye moman.
Operasyon enskripsyon sa yo ap kontinye dewoule nan plizyè komin nan depatman an ak nan rès peyi a, nan kad preparasyon pou pwochen jout elektoral yo.
Echojounal echojounal.net