Anbasad peyi Dayiti an Repiblik Dominiken fèmen sèvis paspò li.

Anbasad Ayiti nan Repiblik Dominiken anonse li sispann travay nan seksyon ki okipe nan koze paspò a pou yon ti tan, dapre sa ki ekri nan yon korespondans anbasadè Emmanuel Fritz Longchamps te siyen nan dat 4 out 2026 la.

Moun ki ap dirije sèvis sa a, Philippe Jabon ki se sipèvizè jeneral ansanm ak Lydia Clément ki se responsab estrikti a, resevwa lòd pou yo mande tout ajan Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MICT) ki ap travay nan sèvis paspò a pou yo pa presante nan anbasad la jiskaske yo bay yon lòt lòd.

Desizyon sa a ap paralyse travay pou fè ak renouvle paspò pou kominote ayisyèn nan ki ap viv nan peyi Repiblik Dominiken jiskaske otorite yo bay plis detay sou rezon ki lakòz chanjman sa a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎ Jean Ernest Muscadin demisyone kòm Komisè Gouvènman Miragwàn pou li konsantre sou kandidati prezidansyèl li

‎Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) anonse desizyon li pran pou aksepte demisyon Jean Ernest …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager