RHAJAC egzije yon ankèt konplè sou yon rezo kontrebann ak anbakman zam nan peyi a.

Rezo Ayisyen Jounalis Anti-Koripsyon (RHAJAC) pibliye yon nòt pou laprès nan dat 21 out 2026 la pou ankouraje lajistis ak lapolis fouye zo nan kalalou nan sa yo rele « Dosye Cassis » la. Reyaksyon sa a vini lakay jounalis yo touswit apre ajan dwàn ak enspektè ki soti nan Direksyon Santral Lapolis Jidisyè (DCPJ) te mennen yon gwo operasyon pèkisyon nan kay Gérard Cassis jou ki te madi 20 out 2026 la.

Aksyon sa a fèt apre ankèt RHAJAC te mennen kote yo mete deyò enfòmasyon sou yon rezo kontrebann entènasyonal ki ta gen ramifikasyon ant Etazini, Repiblik Dominiken ak Ayiti, sitou nan zòn fwontyè Malpas ak Fonparizyen. Dapre sa jounalis yo rapòte, plizyè kontenè te rive rantre sou teritwa nasyonal la san okenn enspeksyon legal ni san yo pa peye taks ki dwe peye nan dwàn. Pi grav toujou, gen gwo sispèk ki peze sou kontenè sa yo ki ta gen anndan yo zam ak minisyon ansanm ak lòt machandiz ilegal.

Nan dokiman an, RHAJAC site non plizyè moun tankou Gérard Cassis, Junior Cassis, Steeve Handal, Rogelio Alberto Reyes Guerrero ak yon lòt gason yo idantifye sou non Jourdain. Non plizyè konpayi parèt tou nan dosye a, tankou Premium Foods, Cassis Frères S.A. ak EBC Custom Agent, SRL.

Fas ak sitiyasyon sa a, RHAJAC mande DCPJ ak Administrasyon Jeneral Dwàn (AGD) pou yo chache konnen ki kote kontenè sa yo soti, sa ki te anndan yo ak tout moun ki gen men yo tranpe nan bagay sa a. Rezo a egzije tou pou anbasad Etazini ak Repiblik Dominiken nan peyi Ayiti pote kout men lè yo transfere enfòmasyon yo bay lajistis nan peyi pa yo pou limyè ka fèt sou sa ki te pase sou teritwa yo a.

Jounalis yo panche tou sou nesesite pou gade si pa gen gwo pwoteksyon politik dèyè do moun sa yo. Dapre enfòmasyon RHAJAC genyen, Gérard Cassis ta sèvi ak enfliyans li ak relasyon fanmi li ta genyen ak Premye Minis defakto a Alix Didier Fils-Aimé — ke yo di ki se kouzen l — pou li te ka jwenn pwoteksyon anwo tab la.

RHAJAC fè konnen kalite rezo kontrebann sa yo, ki souvan gen gwo konplisite ak gang ame nan peyi a, ap kraze antrepriz ki vle mache dwat yo, ap disparèt mwayen Leta genyen pou l fè rantre lajan, epi sa ka triye plis envestisè pou yo kouri kite peyi a.

Pou fini, sekretè Jeneral RHAJAC la, Djovany Michel, egzije yon lankèt ki endepandan, san pati pri ak san okenn pwoteksyon politik, tout pandan li sonje ke tout moun ak konpayi yo site nan dosye a gen dwa pou lalwa konsidere yo ensolan jiskaske lajistis pwouve lekontrè.

About Emmanuel Hubert

Check Also

20 Premye Migran rantre nan Liberya Soti nan Etazini

Yon premye gwoup 20 migran Etazini depòte te rive nan peyi Liberya nan Jedi 20 …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager