ONM akeyi yon 13èm gwoup ki gen 85 Ayisyen Etazini depòte

Biwo Nasyonal Migrasyon (ONM) akeyi nan vil Okap, jedi 19 novanm 2026 la, yon 13èm gwoup ki gen ladan li 85 konpatriyòt ayisyen otorite ameriken yo depòte. Pami moun sa yo, gen 78 gason ak 7 fanm.

Depi lè yo debake, responsab yo mete sou pye yon dispozitif pou akonpaye yo sou plan sanitè ak lojistik. Yo te jwenn manje, soutyen sikososyal, swen medikal ak mwayen transpò pou rantre lakay yo. Dapre enfòmasyon ki disponib, gen 2 moun pami yo ki te gen pwoblèm sante lè yo rive epi ki te jwenn yon priz anchaj medikal ak yon akonpayman espesyal. Gen lòt menm ki te jwenn ebèjman nan otèl.

Sou plan ekonomik, chak moun ki depòte yo resevwa yon anvlòp global 69 850 goud pou ede yo fè fas ak premye bezwen yo. Lajan sa a divize an de pati : yon alokasyon 25 000 goud ki soti nan men ONM, ak yon èd finansye siplemantè 44 850 goud òganizasyon Catholic Relief Services (CRS) bay.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Diplomasi: Nayib Bukele ta evite rankontre otorite ayisyèn yo nan Salvadò.

Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Patrick Pélissier, pa te rankontre prezidan salvadoryen an, Nayib …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager