Nouveau DG SONAPI, Petriks JUSTIN ki te gen ak li Mario Marcelin epi kèt nan manb kabinè li fè yon kout pye nan diferan espas nan SONAPI jounen lendi 6 desanm 2021 an. Nan kout pye sila, nouvo dg a vizite espas ki loje ajan sekirite yo, lapolis, aneks ofatma …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: POU PITI YON MOUN MOURI AK PLIZYÈ LÒT BLESE NAN YON TI BIS KI TA PRALE JAKMÈL
Rantre sid kapital la, nan nivo Matisan toujou kontinye ap mete latristès nan kè pèp ayisyen an. Pou piti yon moun mouri ak plizyè lòt blese nan yon ti bis trajè Jakmèl- Pòtoprens ki pran bal Matisan jounen lendi 6 desanm 2021 an nan maten. Depi granm maten, gen anpil …
Li Plis »AYITI/ZEN: « MADAM SHABBA SURVEILLEZ-VOUS », GRACIA DELVA
_Depi apre anons divòs Shabba, ansyen mizisyen djakout la ak madanm li Diane Claude Anténor, gen yon bal zenglen te jwe nan lane 1998-1999 nan djamboula kote Gracia Delva, chantè zenglen nan epòk sa tap di : » madan Shabba, Surveillez-vous » ki retounen ap fè anpil tole sou entenèt la. Apre …
Li Plis »AYITI/KILTI: »PWOMÈT MWEN » YON NOUVO MIZIK KADILAK AK BEDJINE AP SEKWE REZO SOSYO YO
Kadilak ak Bedjine pa chome, yo kontinye ap travay pou fè plis siksè nan mond mizikal la, « pwomèt mwen » se nouvo mizik de (2) atis sa yo nou dekouvri samdi 4 desanm 2021 an sou rezo yo sosyo yo ki ap fè anpil aktyalite. Entènot yo akeyi mizik sa ak …
Li Plis »GANBI/ELEKSYON: ADAMA BARROW PREZIDAN POU YON DEZYÈM FWA
Prezidan komisyon elektoral endepandan an nan peyi Ganbi, Alieu momar Nijie, anonse jounen dimanch 5 desanm 2021 an viktwa Adama Barrow nan eleksyon prezidansyèl yo. Adama Barrow genyen pou yon lòt fwa eleksyon prezidansyèl yo nan peyi Ganbi. Prezidan sòtan an, daprè rezilta yo, genyen eleksyon yo avèk 458 519, …
Li Plis »AYITI/REYAKSYON: CLAUDE JOSEPH REYAJI SOU DOSYE POLEMIK AYITI-REPIBLIK DOMINIKÈN NAN
_ »M pa t renmen fason dirijan dominiken yo t ap sèvi ak dosye Ayiti a pou fè avanse pwòp zafè pa yo », deklare ansyen chanselye ayisyen an, Claude Joseph nan yon kout videyo li poste jounen dimanch 5 desanm 2021 sou paj fesbouk li kote lap pale de angajman li …
Li Plis »AYITI/ EDIKASYON: MINIS NESMY MANIGAT CHITA PALE AK PLIZYÈ MANM SEKTÈ EDIKASYON AN NAN DEPATMAN NIP
Nouvo minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la ki gen sig nan lang fransè (MENFP), Nesmy Manigat, rankontre epi chita pale jounen dimanch senk (5) desanm 2021 an, ak plizyè manm sektè edikatif la nan depatman Nip. Minis Nesmy Manigat, fè konnen vizit sa a rantre nan depatman an se …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN: ÒGANIZASYON FEMINIS NÈGÈS MAWON MANDE LIBERASYON NOVIA AUGUSTIN
_Òganizasyon feminis NÈGÈS MAWON mande liberasyon militan dwa moun nan, Novia Augustin, nèg ak zam kidnape vandredi 3 desanm 2021 an nan Dèlma 75 militan._ « Nou ekzije pou otorite konsène yo pran responsabilite yo pou asire sekirite popilasyon epi kwape fenomèm kidnapin ki afekte tout kouch nan sosyete popilasyon an », …
Li Plis »AYITI/OPINYON: ANPIL MOUN MOURI NAN MATISAN, ARIEL HENRY AK FRANTZ ELBE PA DI MENM YON MO POU VIKTIM YO
_Lavi moun ki ap travèse rantre Sid Kapital la, nan nivo Matisan ak Fontamara pa reprezante anyen pou nèg ak zam ki ap fè lalwa nan katye sa yo depi plis pase 6 mwa. Prèske chak jou nèg ak zam ki kontwole wout nasyonal nimewo 2 nan Matisan ak Fontamara …
Li Plis »LEMOND/ DRAM: POU PI PITI TRÈZ (13) MOUN MOURI AK SENKANT SÈT (57) LÒT BLESE PANDAN ERIPSYON YON VÒLKAN NAN PEYI ENDONEZI
Eripsyon vòlkan « Semeru », nan peyi Endonezi touye pou pi piti trèz (13) moun, selon yon bilan pwovizwa alòske rechèch yo ap kontinye nan lil « Java » vòlkan ki etann li nan onz (11) vilaj. Peyi Endonezi gen pou pi piti senk san (500) vòlkan ladan yo ven senk(25 %) an aktivite, …
Li Plis »