Yon nouvo kriz finansyè frape peyi Kiba depi kèk jou. Bank Santral Kiba a (BCC) anonse ofisyèlman sispansyon tout peman ak kat bankè entènasyonal tankou Visa ak Mastercard sou zile a. Desizyon sa a vini apre yon bank etranje chwazi koupe fache ak enstitisyon finansyè kiben an, Fincimex, akoz presyon …
Read More »Operasyon « Konte Kadav » : Kilè nou ap soti nan lojik estatistik la ?
Depi kòmansman lane 2026 la, se menm refren an ki ap repete nan zòrèy pèp ayisyen an. Chif yo ap tonbe tankou lapli, men sitiyasyon an pa janm chanje. Dènye rapò Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun (HCDH) pibliye montre nwa sou blan : 2 310 moun mouri, 1 106 …
Read More »Espò/Meday : Melchie Daëlle Dumornay resevwa Meday Onè Sena fransè a.
Anbasad Ayiti nan peyi Lafrans anonse ak anpil fyète yon gwo nouvèl pou espò ak kilti ayisyen an. Sou pwopozisyon anbasad la, gwo vedèt foutbòl entènasyonal nou an, Melchie Daëlle Dumornay, jwenn distenksyon pou li resevwa Meday Onè Sena fransè a. Gwo kado sa a tonbe nan kad selebrasyon Semèn …
Read More »LÈ SOUFRANS TIMOUN YO TOUNEN BIZNIS POLITIK: Kijan PNCS tounen yon kach-kach pou dirije yo nan plas yon pwogram sosyal.
Depi kreyasyon li an 1984, Pwogram Nasyonal Kantin Lekòl (PNCS) te gen yon sèl gwo misyon byen klè: garanti yon plat manje cho pou timoun nan lekòl Leta ak lekòl ki pa gen gwo mwayen yo. Nan yon peyi kote grangou ap koupe trip plis pase mwatye nan popilasyon an, …
Read More »Ayiti/Jistis : Tribinal Kriminèl bloke Phanèse R. Laguerre ak Alberto Dort
Kou dapèl Pòtoprens rejte tout rekou ansyen responsab Pwogram Nasyonal Kantin Lekòl (PNCS) yo. Phanèse R. Laguerre ap rete nan prizon nan sou-komisarya Vivy Mitchell, epi akizasyon yo vin pi lou sou do li avèk vòl manje elèv yo. Jistis la pran yon desizyon solid nan dosye koripsyon ki gen …
Read More »Chanmas mande Lavi: CCSIPEH ak machann yo leve kanpe pou sekirite ak relans ekonomik anvan Mondyal la
Collectif des citoyens du secteur informel et des petites entreprises d’Haïti (CCSIPEH), ansanm ak plizyè santèn machann, te òganize yon gwo mach pasifik pou mande Leta reprann kontwòl zòn nan epi garanti sekirite, sitou nan lide pou aktivite yo ka rekòmanse anvan gwo evènman Mondyal 2026 la. Mach la, ki …
Read More »Grenadye Alaso: Ayiti kraze Nouvèl Zeland 4-0 nan Florid!
Gwo loray ak gwo lapli ki te ap tonbe sou Florid la pa te ase pou te paralize kouray seleksyon nasyonal gason an. Nan yon match preparasyon ki te gen anpil tansyon ak reta akòz move tan, Grenadye yo bay yon leson foutbòl e yo pilonnen ekip Nouvèl Zèland lan …
Read More »Ayiti/Operasyon : PNH reprann kontwòl Vilaj de Dye apre 5 an, plizyè bandi mouri
Se yon gwo kout filè Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) fè nan kad batay yo daprè sa enstitisyon an rapòte. Lendi 1e jwen 2026 la, fòs lòd yo rive antre byen fon nan katye Vilaj de Dye, ki nan sant vil Pòtoprens. Operasyon sa a lakòz plizyè nèg ame pèdi lavi …
Read More »Entèlijans Atifisyèl: Donald Trump siyen yon dekrè ki bay konpayi teknoloji yo yon gwo libète
Nan gwo diskresyon, san gwo seremoni ni kout bwa twonpèt, prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen yon dekrè moun te ap tann anpil sou keksyon Entèlijans Atifisyèl (IA). Tèks sa a tabli yon kad regleman ki trè soup, kote gouvènman an ap ka voye je sou modèl IA ki pi …
Read More »Ayiti/Dekrè Elektoral: KEP a rele anmwey pou primati ki vle mennen yo nan wout pikan.
Yon gwo van divizyon ap soufle ant Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) ak Primati a. Nan yon rankont ki fèt jounen madi 2 jen 2026 la, sou envitasyon Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, manm KEP yo eksprime kareman dezakò yo ak chèf gouvènman an, apre li fin prezante yo …
Read More »
Echojounal echojounal.net