Yon katastwòf evite nan lanmè. Gadkòt ameriken yo entsepte yon batiman ki te chaje pase makout legba ak 240 migran ayisyen sou li dapre sa chèn televizyon ameriken CBS rapòte jou ki te jedi 4 jen 2026 la. Komisè Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè ameriken an (CBP), Rodney Scott, pibliye plizyè …
Read More »Etazini/Gè: Lachanm Depite ameriken vote yon rezolisyon pou sispann lagè nan peyi Iran
Vòt istorik sa a, ki pase ak yon ti majorite sere, se yon fason pou Palman an fòse administrasyon Trump lan respekte Konstitisyon an, menmsi chemen an kòmanse parèt long pou desizyon sa a vin yon reyalite. Lachanm Depite Ozetazini franchi yon gwo pa istorik mèkredi 3 jen 2026 sa …
Read More »Kat Visa ak Mastercard Bloke nan peyi Kiba : Yon Lòt Gwo Kou pou Pèp la anba Presyon Sanksyon yo
Yon nouvo kriz finansyè frape peyi Kiba depi kèk jou. Bank Santral Kiba a (BCC) anonse ofisyèlman sispansyon tout peman ak kat bankè entènasyonal tankou Visa ak Mastercard sou zile a. Desizyon sa a vini apre yon bank etranje chwazi koupe fache ak enstitisyon finansyè kiben an, Fincimex, akoz presyon …
Read More »Ayiti/Jistis : Tribinal Kriminèl bloke Phanèse R. Laguerre ak Alberto Dort
Kou dapèl Pòtoprens rejte tout rekou ansyen responsab Pwogram Nasyonal Kantin Lekòl (PNCS) yo. Phanèse R. Laguerre ap rete nan prizon nan sou-komisarya Vivy Mitchell, epi akizasyon yo vin pi lou sou do li avèk vòl manje elèv yo. Jistis la pran yon desizyon solid nan dosye koripsyon ki gen …
Read More »Chanmas mande Lavi: CCSIPEH ak machann yo leve kanpe pou sekirite ak relans ekonomik anvan Mondyal la
Collectif des citoyens du secteur informel et des petites entreprises d’Haïti (CCSIPEH), ansanm ak plizyè santèn machann, te òganize yon gwo mach pasifik pou mande Leta reprann kontwòl zòn nan epi garanti sekirite, sitou nan lide pou aktivite yo ka rekòmanse anvan gwo evènman Mondyal 2026 la. Mach la, ki …
Read More »Ayiti/Operasyon : PNH reprann kontwòl Vilaj de Dye apre 5 an, plizyè bandi mouri
Se yon gwo kout filè Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) fè nan kad batay yo daprè sa enstitisyon an rapòte. Lendi 1e jwen 2026 la, fòs lòd yo rive antre byen fon nan katye Vilaj de Dye, ki nan sant vil Pòtoprens. Operasyon sa a lakòz plizyè nèg ame pèdi lavi …
Read More »Entèlijans Atifisyèl: Donald Trump siyen yon dekrè ki bay konpayi teknoloji yo yon gwo libète
Nan gwo diskresyon, san gwo seremoni ni kout bwa twonpèt, prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen yon dekrè moun te ap tann anpil sou keksyon Entèlijans Atifisyèl (IA). Tèks sa a tabli yon kad regleman ki trè soup, kote gouvènman an ap ka voye je sou modèl IA ki pi …
Read More »Ayiti/Dekrè Elektoral: KEP a rele anmwey pou primati ki vle mennen yo nan wout pikan.
Yon gwo van divizyon ap soufle ant Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) ak Primati a. Nan yon rankont ki fèt jounen madi 2 jen 2026 la, sou envitasyon Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, manm KEP yo eksprime kareman dezakò yo ak chèf gouvènman an, apre li fin prezante yo …
Read More »Sezon siklonik 2026 : UHM anonse 14 tanpèt ak 9 ouragan, otorite defakto yo mande popilasyon an veye kò yo
Sezon siklonik la louvri ofisyèlman lendi 1ye jen sa a sou tout basen Karayib la, Gòlf Meksik ak Atlantik Nò a. Pou ane 2026 la, Inite Idwometeyorolojik Dayiti (UHM) pibliye yon nòt ofisyèl kote li bay previzyon yo: ekspè yo espere anviwon 14 tanpèt twopikal ak 9 ouragan. Pami ouragan …
Read More »Move nouvèl pou fanatik yo: Pri bwason BRANA yo monte an flèch nan paraj Mondyal 2026 la
Se yon douch frèt pou konsomatè yo ak amatè foutbòl yo an Ayiti. Pandan tout je fikse sou preparasyon Gwo Mondyal foutbòl 2026 la ki sipoze yon moman fèt ak detant, Brasserie Nationale d’Haïti (BRANA) lage yon kout mas nan do popilasyon an. Yon nouvo gri tarifè ki ap sikile …
Read More »
Echojounal echojounal.net