Pandan pi fò popilasyon an ap kouri pou bal mawon, ap abandone kay yo pou yo al dòmi anba syèl mizerab paske bandi ame ap simen lanmò, gouvènman de fakto Alix Didier Fils-Aimé a chwazi yon lòt priyorite : gaspiye lajan kès leta a. Nan yon peyi kote malere pa ka jwenn yon moso pen, kote sekirite tounen yon liks, premye minis de fakto a ak ti klan l lan pito ap gagote trezò piblik la nan vwayaj an gwo jèt prive epi peye gwo zotobre lòt bò dlo pou fè lobiing, pou yo ka achte yon lejitimite yo pa genyen nan je pèp la.
Sa se yon trayizon toupatou. Pandan gouvènman an ap depanse milyon dola nan diplomasi pou fè blan aksepte yo sou pouvwa a, reyalite pèp ayisyen an se yon kalvè chak jou. Prèske chak katye nan kapital la ak nan pwovens yo anba kontwòl gang. Plizyè milye fanmi blije sove kite sa yo te bati ak swè pou yo al refije sou plas piblik, nan lakou lekòl, oubyen nan lari, san sekou, san dlo, san swen medikal.
Kote lajan taks pèp la ap pase ? Li pa prale nan achte zam pou lapolis, li pa prale nan bay deplase entèn yo manje, ni nan relanse lopital piblik yo ki tounen simityè. Li prale nan pòch zanmi ak fanmi, ak nan peye kabinè avoka nan peyi etranje pou dore imaj yon pouvwa ki manke souf.
Nou wè peyi vwazen an, Repiblik Dominiken, voye avyon chaje ak sekou ak sekouris pou al ede pèp Venezyela a ki sot frape anba yon gwo tranblemanntè. Sa fè nou sonje an 2010, Venezyela te kanpe la ak nou apre gwo dezas 12 janvye a. Jounen jodi a, sèzan pita, Ayiti tounen yon espektatè ki san fòs, ki pa fouti bay menm yon ti èd konkrè, eksepte yon senp ti nòt senpati ki pa vo anyen. Nou tonbe ba konsa paske dirijan nou yo chwazi devalize kès Leta a olye yo bati yon nasyon ki djanm.
Editoryal sa a se pa sèlman yon rèl dezespwa, se yon akizasyon fòmèl kont gouvènman Fils-Aimé a. Nou pa ka kontinye aksepte yon pouvwa ki ap gagote pandan pèp la ap peri. Lajan trezò piblik la se pou sekirite ak lavi popilasyon an li ye, li pa la pou peye jè prive ni pou achte benediksyon nan men kominote entènasyonal la. Lè lè a va rive, istwa p ap padonnen moun ki te chwazi vwayaje nan liks pandan nasyon an te ap mouri anba syèl la.
Echojounal echojounal.net