Nan lide pou akselere bwa dife a nan pwosesis enskripsyon elektè yo ki te ap mache dousman anpil, Konsèy Elektoral Proviswa (KEP) a pran yon gwo desizyon legal: depi kounye a, ayisyen ap kapab enskri sou lis elektoral la dirèkteman sou entènèt. Daprè dènye chif KEP a rann piblik nan …
Read More »KEP pase men nan kalandriye elektoral la: Enskripsyon kandida yo pwolonje jiska 31 oktòb 2026.
Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) anonse yon seri chanjman enpòtan nan kalandriye pou òganizasyon pwochen eleksyon yo. Pami prensipal desizyon ki pran yo, enstitisyon an pwolonje dat pou kandidat yo enskri sou entènèt epi pote pyès yo rive jis pou 31 oktòb 2026. Ajistman sa a vin rive touswit apre …
Read More »Gouvènman an kontinye mete moun pa li: Marie-Ange Loméus pran tèt CAS sou lòd Wilner Joseph
Pandan Konsèy Minis lan sot pase men nan dekrè elektoral la jan nou te deja anonse sa nan edisyon presedan nou yo, dinamik pou kontwole aparèy Leta a ap kontinye ak tout vitès. Bò kote pa l, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) deja soti yon kominike pou l anonse kèk …
Read More »Yon Konsèy Minis prevwa pou jodi a pou modifye Dekre Elektoral la, yon Direktris Jeneral riske revoke, KEP a ap pare pou soti yon kominike
Selon yon sous byen enfòme, yon Konsèy Minis prevwa reyini lendi 5 oktòb 2026 sa a nan lide pou pote modifikasyon nan dekrè elektoral la, yon etap ki konsidere tankou yon kondisyon prensipal pou debouche sou yon kalandriye elektoral ki ka kenbe tèt li. Pandan tan sa a, Konsèy Elektoral …
Read More »Ayiti/Eleksyon/Detay: Plis pase 628 mil elektè deja enskri pou pwochen eleksyon yo.
Konsèy Elektoral Provizwa a (KEP) pibliye yon nòt enfòmatif jounen lendi 21 septanm 2026 la pou fè yon eta sou kòman preparasyon pwosesis elektoral la ap mache nan peyi a. Pwen prensipal yo montre yon avansman nan enskripsyon elektè yo, validasyon pati politik yo ak fòmasyon pèsonèl ki pral jere …
Read More »Ayiti/Eleksyon: KEP a pase men nan kalandriye elektoral la, men dat 13 desanm nan pa chanje
Enskripsyon 30 000 manm yo sou platfòm dijital Konsèy Electoral Pwovizwa a (KEP) pran plis tan pase sa yo te prevwa. Menm jan an tou, difikilte sa a gen yon gwo enpak sou dewoulman pwosesis elektoral la. Jiska mèkredi 2 septanm 2026 la, sou 105 òganizasyon politik ki te oganize …
Read More »Editoryal: Yon gouvènman ki pèdi bousòl li ap chèche genyen tan
Sa ki ap pase nan tèt leta a jodi a ta dwe fè nou ri, si sitiyasyon peyi a pa te sa li ye a. Sekans politik nou sot viv ak piblikasyon dekrè elektoral la montre a klè enkonpetans ak yon dezòd ki san parèy nan somè pouvwa a. Premye …
Read More »Rankont ant OEA, CARICOM ak KEP: Yon gwo etap nan diskisyon sou avni elektoral peyi Dayiti a.
Sekretè Jeneral Òganizasyon Leta Ameriken yo (OEA), Albert Ramdin, ki te ap dirije yon delegasyon Kominote Karayib la (CARICOM), te gen yon rankont travay enpòtan madi 18 out 2026 sa a ak manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) nan komin « Petion ville » Chita pale sa a antre nan kad demach …
Read More »Ayiti/Eleksyon: KEP a lanse pwosesis akreditasyon pou jounalis ak observatè elektoral yo.
Kèk tan anvan pwochen jout elektoral yo nan peyi a, Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a franchi yon etap enpòtan nan preparasyon yo. Enstitisyon an anonse, madi 11 out 2026 la, ouvèti ofisyèl pwosesis pou bay jounalis ak observatè elektoral yo akreditasyon. Daprè sa KEP a fè konnen nan yon kominike, …
Read More »Ayiti/Eleksyon: KEP a ouvri 19 nouvo sant enskripsyon ak vòt pou fasilite popilasyon an
Kòsey Elektoral Pwovizwa (KEP) anonse ouvèti 19 nouvo Sant Enskripsyon ak Vòt (CIV) nan depatman Lwès la depi vandredi 7 out 2026 sa a. Avèk nouvo sant sa yo, sa vin fè yon total 29 CIV ki disponib kounye a pou sèvi popilasyon an nan tout rejyon an. Daprè …
Read More »
Echojounal echojounal.net