AYITI/KRIZ: MEN VERITE KACHE NAN KONFLI KI GENYEN AK MANM KONSÈY YO AK PREMYE MINIS DEFAKTO A.

Gwo konfli ant premye minis defakto a, Garry Conille ak manm « Konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout » la espesyalman Leslie Voltaire pran nesans nan 79èm asanble jeneral Nasyon zini an ki te fèt nan peyi Etazini 22 septanm 2024 pou te rive 27 septanm kote mouche Leslie te pran yon imilyasyon apre li te fin sakrifye li pran woulib avyon pou rantre Etazini.

Depi apre imilyasyon an, Leslie Voltaire te jire li ap jete minis afè etranje a, Dominique Dupuy ke li jije ki te antann li ak premye minis defakto a, mouche Conille pou ta rankontre ak chèf leta lòt peyi yo e e menm moute sou tribin Nasyon zini an nan plas Edgard Leblanc Fils ke Leslie Voltaire te kalifye de konplo e kou deta kont konsèy la.

Kijan bagay la ye? Garry Conille te jwenn sipò Etazini nan plan sa ki tap maniganse a, depatman deta te bloke ansyen prezidan « konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout la », Edgard Leblanc Fils, yo te fè li konnen yo pap garanti sekirite li e resevwa li kòm prezidan poutan, mouche Conille te gentan sou sòl ameriken an, Leslie Voltaire bò kote pa li te pwofite pran yon woulib avyon nan men prezidan peyi Kenya a, William Rusto ki te nan vizit nan peyi a pou li te ka rantre nan peyi Etazini, lè mouche Voltaire rive li deklare se li ki vin reprezante Edgard Leblanc e li gen misyon pou sa e se li ki ap sou tribin Nasyon zini an.

Biw! Selon enfo nou rive jwenn, jwèt la pral gate e mouche Voltaire pral dekouvri yon rankont prezidan peyi Brezil la, Luiz Inácio Lula da Silva ak mouche Conille ki pat dwe fèt e yo te anpeche li patisipe nan rankont lan, sekirite prezidan Brezil la te mete mouche Voltaire deyò nan sal la, malgre li te fè konnen li se youn nan prezidan peyi Dayiti yo, yo te ale sou google pou te pwouve sa anyen pat rive fèt e minis afè etranje a, Dominique Dupuy pat fè okenn entèvansyon pou li te di li rekonèt mouche a kòm youn nan prezidan peyi a, deblozay pete pale anpil etranje kanpe sou deran yo met mouche Voltaire Deyò, mouche fache li anonse revokasyon, men kote pwoblèm soti avan.

He, Etazini koube rapid yo ekri ansyen prezidan « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la » Edgard Leblanc yo di li tout bagay oke pou li degaje li pou li antre Etazini, yo ap garanti sekirite li e ba li tout sa li merite pou vin patisipe nan 79èm asanble jeneral nasyon zini an e la, mouche Leblanc debake mouche Voltaire ba li tout detay e yo di sa ap jere lè yo retounen Ayiti men Voltaire te vle pou Edgard aji menm kote a.

Donk, potko gen pwoblèm depòtasyon pil pa pakèt ayisyen nan peyi repiblik dominikèn, sa vini apre, se yon konfli pèsonèl pou pouvwa ki gen la ki pa gen anyen awè ak peyi ni pou ede popilasyon an jwenn sekirite pou vakye ak aktivite yo, selon enfo nou rive jwenn genyon gwo jwèt ki ap jwe sou teren an ant manm konsèy yo, manm gouvènman yo, Dominique Dupuy pou twouble moun ak kreye fanatik, pou fè sa yo ta mete anpil lajan atè a.

Pa gen okenn koze ayisyen ki ap soufri, pran imilyasyon nan peyi dominiken ki ap regle ni bò kote gouvènman an, ni bò kote manm « konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout yo » youn nan kan yo pako janm pran okenn desizyon serye ni fè anyen pou rezoud pwoblèm nan.

Nou ap fè ou konnen asanble jeneral la te fèt sèlman pou prezidan peyi yo, li pa te gen rapò ak premye minis okenn peyi.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …