Ofisye ki nan fòs miltinasyonal yo ki gen pou sig MMSS pa deside moute kèk nan cha yo pou ale nan operasyon kont bandi yo ki ap vale teren nan peyi a e yo pa vle fè pye sòl.
Desizyon sa vini apre de (2) nan ofisye kenyan yo te pran bal pandan yo te anndan yon cha selon sa pòt pawòl yo, Jack Ombaka deklare sou « Reuteurs », ofisye sa yo ap pran swen nan peyi repiblik dominikèn, selon pòt pawòl la youn nan yo te pran bal nan tèt e lòt la te pran bal nan zòrèy.
Sa ki koz gwo laperèz nan mitan yo pou pran lari ak cha yo, selon enfo yo genyon delegasyon ki ta deside ale Washington pou chita ak responsab blan meriken yo pou konnen kijan yo fè ba yo yon pil cha ki, selon yo ki pa bon kote yo rive ap pran bal pandan yo anndan li, laperèz la pral ogmante lè yon elikoptè ki pote non gouvènman defakto te resevwa bal pandan li ta pral pote ranfò nan Mibalè ke, bandi yo anvayi pandan semèn nan kote yo fè anpil dega. Selon sous nou ka fè konfyans gen anpil nan polisye MMSS yo ki ta mande pou yo retounen lakay yo.
Nou ap fè ou konnen gen anpil bri ki ap kouri nan peyi Kenya ki ta fè kwè anpil nan polisye kenyan yo pa ta bon polisye sitou apre lanmò dènye polisye yo a nan zòn Savyen kote, madanm li ta fè konnen mari li pa ta chèf men yon kiltivatè, li mande gouvènman peyi Kenya pou remèt yo mari li.