Mondyal 2026: Lèzetazini Kraze Paragwe nan Los Angeles

Seleksyon gason Lèzetazini an kòmanse faz gwoup (Gwoup D) Mondyal 2026 la ak yon gwo viktwa (4-1) kont Paragwe. Match sa a te jwe nan estad SoFi Stadium
ki nan vil Los Angeles, Kalifòni. Se abit Ismail Elfath ki te dirije jwèt la sou teren an.

Moun ki make yo
Pou Lèzetazini:
Damián Bobadilla (6′ – bi kont pwòp kan li)
Folarin Balogun (30′ ak 45+5′)
Giovanni Reyna (90+7′)
Pou Paragwe:
Maurício (72′)

Sanksyon abit la (Kat jòn)
Abit Ismail Elfath te soti kat jòn pou plizyè jwè nan de kan yo paske yo te fè gwo fot:

Lèzetazini: Tyler Adams (58′).
Paragwe: Juan José Cáceres (9′), Miguel Almirón (52′), Diego Gómez (78′), Áxle Arce (87′), ak Júnior Alonso (90+2′).

Patisipasyon nan Mondyal
Apre edisyon sa a nan ane 2026 la:
Lèzetazini rasanble 12 patisipasyon nan yon faz final Gwo Mondyal FIFA a.
Paragwe genyen 9 patisipasyon total nan istwa li nan konpetisyon sa a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Concacaf U20: Ayiti bat Kiba e relanse chans li pou ka de final.

Apre yon premye soti ki te fini ak yon defèt (3-0) devan Etazini, seleksyon ayisyèn …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager