Jounen lendi 22 jen 2026 la, zòn Miso te tounen yon sèn tansyon kote fòs de lòd yo chwazi reponn ak britalite anba gwo kout gaz lakrimojèn kont plizyè dizèn etidyan Fakilte Medsin ki te ap manifeste nan yon fason pasifik devan rezidans Premye Minis defacto Alix Didier Fils Aimé.
Etidyan sa yo te soti nan lari pou revandike yon dwa ki klè : reouvèti san pèdi tan Lopital Jeneral (HUEH), pou yo kapab fè sèvis sosyal yo epi bay popilasyon an swen li merite. Pandan jèn sa yo ap denonse pwomès san fon Minis Sante Piblik la, Bertrand Sinal, leta chwazi reponn yo ak maspinay olye li bay enfrastrikti ak sekirite.
Fason lapolis jere mouvman sa a leve gwo keksyon sou respè dwa moun ak libète pou moun manifeste nan peyi a. Pandan etidyan yo pa te gen zam nan men yo epi yo te ap defann dwa yo anba yon solèy cho, chwa fòs de lòd yo pou yo balanse gaz sou yo montre yon mank pwofesyonalis ak yon dezi pou toufe revandikasyon ki jis.
Olye pou lapolis te pwoteje jèn sa yo ki reprezante lavni medikal peyi a, yo trete yo tankou kriminèl. Konpòtman sa a pa sèlman vyolan, li voye yon move mesaj bay tout jèn ki ap chèche fòme tèt yo pou sèvi Ayiti : lè w mande mwayen pou w travay, se gaz ak baton ou jwenn pou repons. Leta ak fòs de lòd yo dwe konprann gaz p ap rezoud kriz lasante a, se sèlman bon jan dyalòg ak aksyon serye k ap kalme kòlè etidyan yo.
Echojounal echojounal.net