Jounen samdi 27 jen 2026 la te make fen faz poul yo pou gwoup J, K, ak L nan Coupe du Monde FIFA 2026 la. Se te yon jounen chaje ak tansyon, gwo sipriz, epi anpil gòl ki fikse tablo pou pwochen faz « sezyèm de final » (Round of 32) la. Ann rale chèz nou pou nou gade ki jan sa te pase nan chak match ak kilès ki te fè rezo yo tranble.
Aljeri – Otrich (3-3)
Yon match fou ki fini san gayan men ak 6 gòl ladan l. Pou ekip Otrich la, Marko Arnautović (28′), Marcel Sabitzer (55′), ak Saša Kalajdžić nan finisman match la (90+6′) te jwenn chemen filè a. Bò kote Aljeri, se Rafik Belghali (45′) ak yon doublé Riyad Mahrez (60′ ak 90+3′) ki sove pwen an pou fennec yo.
Jòdani – Ajantin (1-3)
Alby-boul la ranpòte laviktwa fasilman pou asire premye plas li. Legend lan, Lionel Messi, te make pou ekip li a nan viktwa sa a epi kontinye ekri istwa kòm pi bon bitè nan tounwa a.
RD Kongo – Ouzbekistan (3-1)
Léopards yo nan Repiblik Demokratik Kongo fè yon gwo kout fòs. Malgre Ouzbekistan te ouvè eskòs a, Kongo tounen nan match la pou l genyen (3-1) epi jwenn biyè kalifikasyon istorik li. Atakan an Yoane Wissa te pami moun ki te make gòl pou pote lajwa nan kè pèp kongolè a.
Kolonbi 0 – 0 Pòtigal
Yon gwo afich ant de gwo nasyon ki fini sou yon nòt nil (0-0). Pa te gen okenn bitè nan match sa a, men rezilta a ranje de ekip yo ki pase pou pwochen tou a.
Panama – Angletè (0-2)
Three Lions yo pa te nan jwe. Yo genyen Panama 2 gòl a 0 gras ak de sipèstà yo: kapitèn nan Harry Kane ak jèn jeni an Jude Bellingham. Viktwa sa a pèmèt Langletè fini an tèt gwoup L la.
Kwasi – Gana (2-1)
Kwat yo bat Black Stars yo nan yon match ki te sere anpil. Viktwa (2-1)sa a pouse Kwasi pi devan nan konpetisyon an.
Apre jounen sa a, tout kat jeyografi faz eliminatwa a (Round of 32) fin trase nèt. Match yo ap kòmanse san pèdi tan depi jodi dimanch 28 jen an.
Echojounal echojounal.net