Sa ki ap pase nan tèt leta a jodi a ta dwe fè nou ri, si sitiyasyon peyi a pa te sa li ye a. Sekans politik nou sot viv ak piblikasyon dekrè elektoral la montre a klè enkonpetans ak yon dezòd ki san parèy nan somè pouvwa a.
Premye Minis defakto la, Alix Didier Fils-Aimé, sot rankontre ak plizyè gwoupman politik ki eksprime gwo enkyetid sou dekrè a, ke yo konsidere kòm yon vyolasyon klè nan manman lwa peyi a. Pou reponn ak sa, chef gouvènman an anonse li mande Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pou li pran an konsiderasyon revandikasyon sa yo. Yon demach ki ta ka parèt saj si nou pa te konnen dèyè koutwazi sa a gen yon gwo ipokrizi.
Jan sa te deja soti nan laprès, anvan menm dekrè a te pibliye nan Le Moniteur, KEP la te deja avèti Premye Minis la dokiman an pa te konfòm ak Konstitisyon an. Malgre avètisman sa a, gouvènman an te chwazi fè tèt di, pase sou konsèy enstitisyon ki sipoze òganize eleksyon yo, epi pibliye tèks la kòm si anyen pa te genyen.
Jodi a, lè kontestasyon an vin twò cho nan men l, menm pouvwa sa a retounen devan KEP la pou mande l korije yon erè ke li menm li te fè kreyasyon l ak tout konsyans li.
Manèv sa a montre byen klè ke ekip ki ap dirije peyi a pa gen okenn vizyon ni okenn plan stratejik. Yo ap navige alavèg, yo ap fè politik tatonnay, epi souf yo kout devan reyalite a. Lè yon gouvènman vin ap eseye ranje ak men dwat sa l te kraze ak men gòch, sa pa rele diplomasi ni ouvèti daprè lalwa; sa se yon prèv ke pouvwa a depase pa evènman yo e l ap chèche tout mwayen pou l genyen tan.
Eleksyon pa ka òganize nan manti ni nan manti tèt nou. Yon tranzisyon ki pa gen yon bousòl klè e ki bati sou mepriz enstitisyon yo ak Konstitisyon an ap sèlman mennen peyi a nan yon lòt kriz ki pi fon toujou. Lè a rive pou dirijan yo sispann jwe ak tan pèp la e pou yo gade reyalite a nan je.
Echojounal echojounal.net