Cristiano Ronaldo kite ekip la nan Danmak, Rafael Leão Pran nimewo 7 la

Yon gwo boulvèsman soulve nan kan seleksyon nasyonal foutbòl Pòtigal la. Cristiano Ronaldo, kite gwoup lan bridsoukou, yon desizyon ki kreye yon gwo Kriz ak anpil pale anpil nan monn foutbòl la.

Akoz règ pefòmans ak nimewotasyon UEFA ki egzije pou tout sou feyè match la pote yon nimewo ant 1 ak 23, federasyon an te oblije reyatribiye nimewo 7 lejandè a. Se atakan AC Milan an, Rafael Leão, ki chwazi pou pote mayo sa a pou rankont sa a.

Daprè premye enfòmasyon ki soti nan kan medyatik yo, rezon ki avanse pou jistifye depa sa a ta gen pou wè ak yon mank ekipman ak materyèl nesesè sou plas pou pèmèt senk fwa Ballon dò a fè travay fizik ak antrenman endividyèl li yo jan li abitye fè sa. Sepandan, fason toudenkou sa a pase a kite anpil fanatik ak obsèvatè ak dout sou relasyon ki genyen ant sipèsta a ak ankadreman teknik la.

Depa akselere sa a pa te san konsekans sou rezo sosyo yo. Nan kèk èdtan sèlman apre nouvèl la fin benefisye yon gwo kouvèti medyatik, kont ofisyèl Seleksyon Pòtigè a pèdi plis pase 500 000 abòne, sa ki montre kòlè ak desepsyon yon pati nan sipòtè yo.

Pandan ke ekip la ap prepare pou l antre sou teren san pilye prensipal li a, atansyon an fikse sou pèfòmans Rafael Leão ak fason antrenè a pral jere konsekans kriz sa a nan jou ki ap vini yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ligue des nations : Incroyables Grenadiers ! Haïti renverse Trinité-et-Tobago au terme d’un scénario fou (3-2)

Menée au score à l’approche du coup de sifflet final, la sélection haïtienne de football …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager